Repons kesyon w yo
◼ Ki prensip biblik nou ka aplike nan afè sèvi ak telefòn selilè lè nou nan reyinyon oubyen lè n ap patisipe nan ministè a?
“Pou tout bagay gen yon tan ki fikse.” (Ekl. 3:1). Telefòn selilè bay moun posiblite pou yo voye mesaj oubyen pou yo pale ak lòt moun prèske tout tan. Sepandan, gen moman kote kretyen yo pa dwe kite telefòn distrè yo. Pa egzanp, reyinyon nou yo se moman pou n adore Jewova, pou n resevwa enstriksyon espirityèl, e pou n ankouraje youn lòt (Det. 31:12; Sòm 22:22; Wom. 1:11, 12). Èske nou ka fèmen telefòn nou lè nou nan reyinyon epi lè nou soti nan reyinyon nou ka verifye si nou gen mesaj? Si gen yon ijans ki oblije nou kite telefòn nou ouvri, nou dwe pwograme l yon fason pou l pa deranje lòt moun.
“Fè tout bagay pou bon nouvèl la.” (1 Kor. 9:23). Pafwa, gen kèk ka kote li ka itil pou yon pwoklamatè sèvi ak telefòn selilè pandan l ap patisipe nan ministè a. Pa egzanp, frè k ap kondui gwoup la ka bezwen itilize yon telefòn pou l verifye ki kote kèk pwoklamatè ye nan lòt pati tèritwa a. Pafwa, kèk pwoklamatè konn itilize telefòn selilè pou yo kontakte yon moun ki enterese oswa yon etidyan anvan y al vizite l, sitou si moun sa a abite lwen. Si nou gen yon telefòn sou nou, nou dwe veye pou l pa deranje nou pandan n ap preche yon moun (2 Kor. 6:3). Lè n ap tann lòt pwoklamatè yo olye pou n ap pale ak yon zanmi nan telefòn oubyen pou n ap voye mesaj ba li, èske li pa t ap pi bon pou nou rete konsantre sou ministè a e pou nou bay pwoklamatè ki avè nou yo atansyon?
Montre konsiderasyon pou lòt moun (1 Kor. 10:24; Fil. 2:4). Nou pa dwe janm neglijan nan kesyon rive alè nan reyinyon predikasyon paske nou konnen nou ka annik rele yon frè oubyen nou ka voye yon mesaj ba li pou l fè nou konnen ki kote gwoup la ap preche. Lè nou rive anreta, byen souvan yo oblije fè lòt aranjman nan gwoup la. Natirèlman, gen kèk sikonstans ki pa depann de nou ki ka fè nou rive anreta yon lè konsa. Sepandan, lè nou pran abitid vin alè nan reyinyon predikasyon, nou montre respè pou dispozisyon Jewova pran an, nou montre konsiderasyon ni pou frè k ap kondui gwoup la ni pou lòt pwoklamatè yo.