Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 novanm
“ Gen moun ki mande tèt yo si nou bezwen legliz ak tanp pou nou adore Bondye. E ou menm, ki sa w panse ? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bib la di sou kesyon sa a. [Li Travay 17:24.] Kidonk, ki wòl legliz yo ak tanp yo ta dwe jwe ? Nan peryodik sa a, w ap jwenn repons Bib la bay sou sijè sa a. ”
Réveillez-vous ! 22 novanm
“ Èske w panse yon jou lasyans ap rive mete yon pwen final nan pwoblèm maladi ? [Kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! sa a pale de kèk pwogrè lasyans fè nan domèn sa a. Li montre tou, poukisa se Kreyatè a sèlman ki gen pouvwa pou l elimine maladi ak lanmò. ” Li Sòm 146:3-5, epi ofri moun nan peryodik.
La Tour de Garde 1ye desanm
“ Sèjousi prèske tout moun gen pwoblèm lajan. Menm legliz yo nan sitiyasyon sa a tou, e yo mande lajan ak plis pèsistans pase lontan. Èske w twouve sa nuizib ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li 1 Tesalonisyen 2:9.] Toudegad esplike sa Bib la di sou koze sa a. ”
Réveillez-vous ! 8 desanm
“ Akoz menas teworis, anpil moun ap mande tèt yo si pa gen danje nan pran avyon. Èske sa konn enkyete w ? [Kite moun nan reponn.] Bib la fè nou konnen malè pa egzante pesonn. [Li Eklezyas 9:11.] Sepandan, Réveillez-vous ! sa a montre ki jan w ka jwenn plis sekirite ak plis konfò lè w ap vwayaje. ”