BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/07 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 11/07 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

Toudegad 1ye desanm

“ Nou tout ta renmen mennen yon vi ki gen sans e ki bay kè kontan. Èske w dakò ak sa Jezi te di nan vèsè sa a konsènan kle ki bay kè kontan ? [Li Matye 5:3. Epi kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike lè nou satisfè bezwen fondamantal nou genyen pou nou adore Bondye, yon bezwen nou fèt avè l, sa kapab bay lavi nou yon sans. ”

Réveillez-vous! Novanm

“ Nan epòk sa a kote lasyans ap fè anpil pwogrè e kote moun gen tandans doute sou anpil bagay, gen moun ki panse Bib la se yon liv ki demode. E ou menm sa w panse ? [Kite moun nan reponn.] Èske w konnen tout sa Bib la di ki gen rapò ak lasyans, se bagay ki egzak ? [Li Jòb 26:7.] Nan nimewo Réveillez-vous ! espesyal sa a, w ap jwenn bonjan rezon ki montre poukisa nou ka gen konfyans nan Bib la. ”

La Tour de Garde 1ye desanm

“ Ki jan w t ap reponn kesyon sa a ? [Li kesyon yo poze sou kouvèti peryodik la. Epi kite moun nan reponn.] Objektif Bondye genyen se pou l rive ini lèzòm. [Li Sòm 46:8, 9.] Peryodik sa a montre sa Bib la di sou fason inite sa a pral reyalize. ”

Réveillez-vous! Desanm

“ Gen moun ki panse lè yon moun fin mouri, l al kontinye viv yon lòt kote. Gen lòt moun ki kwè lè yon moun mouri, tout bagay fini. Èske w panse lanmò se yon bagay nou dwe pè ? [Kite moun nan reponn.] Remake sa Jòb te panse konsènan sa k t ap rive si l ta mouri. [Li Jòb 14:14, 15.] Peryodik sa a byen esplike sa Bib la di sou sa k rive moun yo lè yo mouri. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje