No Blood—Medicine Meets the Challenge : yon videyo ou bezwen gade
Èske w okouran divès posiblite lamedsin genyen pou yo fè tretman san yo pa sèvi ak san ? Èske w byen enfòme sou lòt tretman ki egziste apa transfizyon san ? Èske w konnen ki jan yo fè tretman sa yo ? Gade videyo sa a, e avèk kesyon ou pral jwenn pi ba a, teste konesans ou. (Note sa : piske videyo a gen kote yo montre y ap opere moun, paran yo ta sipoze pran kèk prekosyon lè y ap gade videyo a ansanm ak timoun piti.)
1) Ki prensipal rezon ki fè Temwen Jewova refize pran san, e ki bò nou jwenn prensip sa a nan Bib la ? 2) Nan domèn tretman medikal, ki sa Temwen Jewova yo ta renmen ? 3) Ki dwa fondamantal moun ki malad yo genyen ? 4) Poukisa moun ki pa vle pran san yo rezonab, e poukisa nou ka di yo montre yo konnen sa k bon pou yo ? 5) Lè yon moun ap pèdi anpil san, ki de bagay doktè yo wè pou yo fè prese prese ? 6) Ki maladi moun riske trape nan pran san ? 7) Ki mwayen chirijyen yo gen nan men yo pou yo diminye kantite san moun konn pèdi lè y ap fè operasyon ? 8) Ki sa w dwe chèche konnen konsènan lòt tretman ki pa mande pou moun pran san ? 9) Èske li posib pou yo fè gwo operasyon ki konplike san moun pa pran san ? 10) Ki sa w wè yon kantite doktè, k ap vin pi plis toujou, dispoze fè pou Temwen Jewova yo ? Ki sa k kapab vin tounen yon prensip medikal ki valab pou tout moun ki malad ?
Men avèk ki moun l ap bon pou nou gade kasèt videyo No Blood la : tout moun k ap etidye Labib, mari nou oswa madanm nou ki pa Temwen, paran ki pa Temwen, kòlèg travay, pwofesè, kondisip lekòl k ap poze kesyon sou pozisyon nou adopte an rapò avèk san. Se chak moun ki pou pran desizyon pa l pou l konnen ki tretman yo te prezante nan videyo a l ap asepte selon konsyans li. — Gade “ Questions des lecteurs ” ki te parèt nan La Tour de Garde 15 jen 2000 ak La Tour de Garde 15 oktòb 2000.