BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/03 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 4/03 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

Tour de Garde 15 avril

“ Nan dènye ane sa yo anpil moun konstate kòman kesyon espirityèl pa tèlman enterese moun ankò. Èske w pa remake sa ? [Kite moun nan reponn. Li Sòm 119:105.] Prensip Bondye bay yo kapab ede yon moun evite anpil pyèj nan lavi a. Peryodik sa a montre ki kote nou ka jwenn prensip sa yo. ”

Réveillez-vous! 22 avril

“ Jodi a, n ap viv nan yon monn kote tout bagay prale vit. Sa fè anpil moun ap mande tèt yo si timoun yo pa grandi twò vit. Èske sa pa konn vin nan lespri w ? [Kite moun nan reponn. Li Eklezyas 3:1, 4.] Yo pa ta dwe bay timoun responsablite granmoun. Atik sa a esplike kòman paran yo kapab pwoteje pitit yo pandan yo timoun. ”

Toudegad 1ye me

“ Gen kesyon lèzòm pa kapab reponn. Ann pran yon egzanp nan Jòb 21:7. [Li vèsè a.] Èske w pa janm santi w gen yon kesyon ou ta renmen poze Bondye ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike kòman anpil kote sou tè a gen moun ki satisfè ak repons yo jwenn sou twa kesyon ki pi enpòtan nan lavi a. ”

Réveillez-vous! 8 me

“ Anpil nan nou konnen moun ki soufri maladi sik. Èske w byen konnen maladi sa a ? [Montre po peryodik la, kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine koz maladi a avèk tretman li. Li pale nou tou sou yon pwomès Bib la fè kote tout maladi pral geri nèt. ” Pou w fini, li Izayi 33:24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje