Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 avril
“ Gen anpil moun ki panse, tout bagay ki rive nan lavi a, menm lè se trajedi, se volonte Bondye. Èske w konn reflechi sou sa ? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun konn resite priyè sa a. [Li Matye 6:10b.] Dapre ou menm, ki volonte Bondye pou tè a, e ki lè volonte sa a ap akonpli nèt ? W ap jwenn repons Bib la bay sou sa nan peryodik sa a. ”
Réveillez-vous! 22 avril
“ N ap viv nan yon monn kote gen anpil moun ki pèdi espwa. Èske ou menm tou ou konn santi w konsa ? [Kite moun nan reponn. Lèfini li Women 15:4 avè l.] Pifò moun admèt li enpòtan pou moun viv ak espwa. Réveillez-vous ! sa a bay sèt rezon biblik pou yon moun gen espwa. Nou panse w ap byen kontan egzamine rezon sa yo. ”
Toudegad 1ye me
“ Gen anpil chèf relijye ki mele nan politik yon fason pou yo ka amelyore sosyete a. Poutan, ann gade ki sa Jezi te fè lè yon bann moun te vle mete l wa sou tèt yo. [Li Jan 6:15.] Jezi te konsantre tout efò l sou yon bagay ki ta gen pou l pote byenfè dirab pou limanite. Ki bagay sa a ? Peryodik sa a montre ki sa l ye. ”
Réveillez-vous! 8 me
“ Gen anpil moun ki rankontre sitiyasyon difisil nan travay yo. Genyen ki konn menm gen kòlèg k ap tingting yo. Èske w te konnen Bib la bay konsèy sou fason nou ka fè fas ak pwoblèm konsa ? [Kite moun nan reponn. Lèfini, li Pwovèb 15:1.] Peryodik sa a bay anpil sijesyon pratik sou fason nou ka viv an pè ak moun k ap travay menm kote avèk nou. ”