BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/03 p. 8
  • Pawòl Bondye a se verite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pawòl Bondye a se verite
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • “Pawòl Bondye a [...] pisan”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • “ Pawòl Bondye a [...] gen pouvwa ”
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Èske w defann Pawòl Bondye a ?
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • ‘Kontinye mache nan laverite’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 5/03 p. 8

Pawòl Bondye a se verite

1. Ki enfòmasyon enpòtan Bib la gen ladan l ?

1 Men sa salmis la te ekri : “ Tout sa ki nan pawòl ou a se verite. ” ​(Sòm 119:160). Nan pawòl enspire li a, Jewova bay repons pou tout kesyon ki pi enpòtan nan lavi a. Repons sa yo bay satisfaksyon. Moun ki gen pwoblèm yo, Jewova ba yo konsolasyon ak espwa. Li montre nou kòman pou nou pwoche bò kote l. Gen yon dam rekonesan ki te di pawòl sa yo : “ Aprann laverite ki nan Bib la se tankou lè w kite yon kote ki sonm, ki fè nwa pou w antre yon kote ki gen limyè, ki byen klere e ki agreyab. ” Èske w fè efò pou w pale de laverite ki nan Pawòl Bondye a ak lòt moun nan tout okazyon ?

2. Kòman Labib kapab amelyore lavi moun ?

2 Li gen pouvwa pou l chanje e pou l atire tout kalite moun : Laverite ki nan Bib la kapab touche kè e li kapab transfòme lavi (Ebre 4:12). Men sa yon dam ki rele Roza, ki t ap viv nan pwostitisyon, nan dwòg ak nan alkòl, te deklare : “ Yon jou, alòske m te santi m pèdi tout espwa, gen de Temwen, mari ak madanm, ki te pale avè m sou kòman Bib la kapab ede nou rezoud pwoblèm nou yo. Mwen te kòmanse etidye Pawòl Bondye a e se te vrèman kaptivan. Nan espas yon mwa mwen te gen kouraj pou m pwòpte vi mwen e pou m kòmanse mennen yon lòt vi. Kounye a, piske mwen gen yon objektif nan lavi a, mwen pa bezwen alkòl ak dwòg pou ede m ankò. Depi lè sa a, mwen tèlman vle vin zanmi Jewova, mwen detèmine pou m viv selon prensip li yo. Si se pa t sajès pratik ki nan Pawòl Bondye a, se sèten lè konsa, mwen t ap deja touye tèt mwen. ”— Sòm 119:92.

3. Poukisa nou pa dwe ezite bay moun yo mesaj ki nan Bib la ?

3 Jodi a, kontrèman ak pifò liv, Bib la atire moun ki “ nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”. (Rev. 7:9.) Volonte Bondye se “ pou tout kalite moun sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Tim. 2:4.) Nou pa dwe janm panse yon moun p ap resevwa bon nouvèl la akoz pase li. Okontrè, depi sa posib sèvi ak Bib la pou pataje mesaj Wayòm nan ak tout moun.

4. Ki jan nou kapab sèvi ak Bib la lè n ap bay temwayaj ?

4 Atire atansyon sou Labib : Nou gen anpil okazyon pou n sèvi ak Bib la nan travay predikasyon an. Lè n ap prezante peryodik yo, li bon pou nou sèvi ak vèsè nou jwenn nan prezantasyon yo pwopoze a. Lè y ap ofri piblikasyon pou mwa a, gen moun ki twouve nan entwodiksyon y ap fè a li pi bon pou yo li yon vèsè yo te byen chwazi. Lè n ap fè vizit, sèvi avèk youn oswa plizyè vèsè pou ede moun n al vizite a jwenn konesans egzak la tikras pa tikras. Lè n ap kondui yon etid, li bon pou nou santre konvèsasyon an sou vèsè kle yo. Lè se pa nan predikasyon òganize nou ye, li bon pou nou gen yon Bib sou lamen pou lè nou jwenn posiblite bay temwayaj enfòmèl. — 2 Tim. 2:15.

5. Poukisa nou dwe fè anpil efò pou n sèvi ak Bib la nan ministè nou ?

5 Annou ede lòt moun tire pwofi nan pouvwa laverite ki nan Pawòl Bondye a genyen pou pouse moun aji. N ap fè sa lè nou sèvi ak Bib la nan ministè nou nan tout okazyon ki apwopriye. — 1 Tes. 2:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje