BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/03 p. 6
  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2004

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2004
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Pwofi nou tire grasa Lekòl ministè teyokratik
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Nouvo pwogram pou reyinyon kongregasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Enstriksyon jeneral sou fason pou reyinyon
    Enstriksyon pou reyinyon lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 12/03 p. 6

Lekòl ministè teyokratik pou ane 2004

1 Jewova fòme moun òdinè pou yo akonpli yon travay ki gen yon enpòtans inivèsèl. Youn nan mwayen li itilize pou l fè sa se fòmasyon li bay moun sa yo chak semèn nan Lekòl ministè teyokratik. Èske w pwofite o maksimòm de Lekòl sa a, selon sitiyasyon w ? Apati mwa janvye k ap vini an, gen kèk ti chanjman ki pral fèt nan Lekòl la dekwa pou elèv yo ka tire pi plis pwofi nan dispozisyon sa a.

2 Woulman pou konseye adjwen an : Frè ki konn fè diskou enstriksyon ak pwen biblik enteresan yo apresye remak konseye adjwen an te fè sou patisipasyon yo. Kongregasyon ki gen ase ansyen kalifye ka chanje konseye adjwen chak ane. Konsa, travay la pap repoze sou do yon sèl moun e, sa ki pi enpòtan, ansyen ak asistan ministeryèl ki konn fè patisipasyon sa yo ap ka pwofite plis, piske y ap gen posiblite jwenn konsèy nan men divès kalite oratè konpetan.

3 Revizyon oral : Si ap gen yon revizyon oral nan menm semèn kongregasyon an ap gen asanble sikonskripsyon, y ap kite revizyon an (ak rès pwogram Lekòl pou semèn nan) pou lòt semèn, e se pwogram lòt semèn nan y ap fè nan semèn asanble a. Sepandan, li pap nesesè pou nou chanje tout pwogram nan nèt lè revizyon oral la tonbe menm lè ak vizit siveyan sikonskripsyon an. Y ap toujou chante kantik ki nan pwogram nan, y ap fè patisipasyon sou teknik pou fè bon diskou a e y ap prezante pwen enteresan sou lekti Bib la nòmalman. Men, y ap pran diskou enstriksyon an, ki konn fèt tousuit apre teknik pou fè bon diskou a, nan pwogram pou semèn ki vin apre vizit la. Reyinyon sèvis la ap kòmanse apre pwen enteresan sou lekti Bib la e l ap dire 30 minit. Y ap modifye reyinyon an yon fason pou yo ka gen swa twa patisipasyon ki dire 10 minit yo chak, swa de ki dire 15 minit 15 minit. (Pap gen anons.) Apre reyinyon sèvis la, y ap chante yon kantik epi apre sa siveyan sikonskripsyon an ap fè yon diskou k ap dire 30 minit. Nan lòt semèn nan, men ki jan pwogram nan ap ye : y ap fè patisipasyon sou teknik pou fè bon diskou a ansanm ak pwen enteresan sou lekti Bib la, e apre sa y ap fè revizyon an.

4 Se pou nou pwofite de tout opòtinite nou jwenn pou nou grandi nan domèn espirityèl. Bat pou nou tire pwofi nan fòmasyon nou jwenn grasa Lekòl ministè teyokratik la. Sa ap pèmèt nou ankouraje kongregasyon an, sa ap ede nou jwe wòl nou nan akonplisman pwofesi biblik yo e sa ap fè nou fè louwanj pou Moun ki sous mesaj estrawòdinè n ap pwoklame a. — Iza. 32:3, 4 ; Rev. 9:19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje