BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/04 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Annou kontinye tire pwofi nan La Tour de Garde ak Réveillez-vous !
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Ki jan pou nou renouvle abònman selon metòd senplifye a
    Ministè Wayòm nan — 2001
Ministè Wayòm nan — 2004
km 7/04 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Ki jan yon moun ka jwenn Toudegad ak Réveillez-vous ! pou li pèsonèlman ?

Etandone depi kèk tan yo pa fè abònman ankò ni pou Toudegad, ni pou Réveillez-vous !, keseswa enprime oswa sou kasèt odyo, nan kèlkeswa lang nan, tout pwoklamatè yo dwe jwenn peryodik, kasèt odyo ak CD fòma MP3 pa yo nan kongregasyon yo ye a. Yo fè eksepsyon pou peryodik an bray ak kasèt odyo ki poste gratis pou moun ki ranpli kondisyon pou sa. Kongregasyon yo kapab mande peryodik sou kasèt odyo oswa sou CD fòma MP3 nan fòmilè Demande pour congrégation (M-202). Nou kapab itilize menm fòmilè sa a pou peryodik nan lang etranje oswa pou peryodik an gwo lèt.

Si yon moun nan tèritwa nou mande pou l resevwa peryodik regilyèman, nou dwe asire nou sa fèt kòrèkteman yon fason pou l pa manke menm yon nimewo. Moun ki eskli yo kapab jwenn peryodik oswa lòt piblikasyon pèsonèl nan kontwa peryodik ak kontwa piblikasyon ki nan Sal Wayòm nan. Yo pa dwe gen wout peryodik ak yon moun ki eskli.

Sèl abònman filyal la ap kenbe nan dosye l se abònman pou moun li enposib pou yon pwoklamatè gen wout peryodik avè l. Si komite sèvis kongregasyon an voye mande yon abònman pou yon moun ki pa ka resevwa peryodik yo okenn lòt fason, sekretè a dwe ekri yon ti nòt pou di yo te byen egzamine demann abònman sa a e komite sèvis kongregasyon an apwouve l.

Sa vle di pwoklamatè yo pa dwe ekri filyal la pou mande abònman pèsonèl. Nenpòt demann pou abònman yon pwoklamatè oswa yon moun ki enterese fè, y ap voye l tounen bay kongregasyon an.

◼ Ki jan yon moun ki nan prizon ka resevwa nimewo peryodik yo ?

Si kongregasyon ki okipe l de travay predikasyon nan yon prizon ka pote peryodik bay prizonye ki anndan yo, ebyen, se pwoklamatè ki otorize pou vizite prizon an ki ta dwe pote nimewo Toudegad ak Réveillez-vous ! pou yon prizonye. Men lè sa pa posib, prizonye a kapab ekri filyal la pèsonèlman pou l mande abònman. N ap note, si yon prizonye se yon moun ki eskli, li kapab resevwa nimewo peryodik pèsonèl li jan sa mansyone nan paragraf la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje