Lekòl fòmasyon ministeryèl : Yon gwo pòt ki mennen nan aktivite
1 Men sa Jewova te anonse pa mwayen pwofèt Jeremi : “ M apral mete bèje alatèt [pèp mwen an] ki pral pran swen yo toutbonvre, yo pap pè ankò, yo pap nan boulvès ankò, pa youn pap manke. ” (Jer. 23:4). Gen yon travay konsa k ap akonpli jodi a nan mitan tout nasyon yo, yon travay plizyè dizèn milye ansyen ki nan kongregasyon yo ap akonpli antanke bèje. Gen ansanm avèk yo yon gwoup jèn ki anpil tankou gout lawouze, ki dispoze ofri tèt yo nan sèvis Jewova (Sòm 110:3). Ala yon benediksyon frè ki gen imilite sa yo ye pou kongregasyon pèp Bondye a ! Etandone travay rasanbleman espirityèl la ap kontinye, toujou gen bezwen gason kalifye pou rann tèt yo disponib pou sèvi frè yo.
2 Yon bèl dispozisyon yo pran pou fòme ansyen ak asistan ministeryèl ki selibatè yo pou yo vin andose plis responsablite se Lekòl fòmasyon ministeryèl. Depi lè yo met lekòl sa a sou pye an 1987, yo gentan òganize 999 klas nan anviwon 140 peyi. E gen plis pase 22 000 elèv ki deja resevwa fòmasyon sa a. Pou frè sa yo, lekòl la se “ yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ”. — 1 Kor. 16:9.
3 Objektif : Objektif Lekòl fòmasyon ministeryèl se fòme frè ki kalifye yo, se fè yo vin anmezi pou yo andose responsablite yo kèlkeswa kote ta gen yon bezwen nan òganizasyon an. Lekòl la ap ogmante kapasite yo pou yo pran latèt nan travay predikasyon an, pou yo pran swen twoupo a e pou yo anseye nan kongregasyon an. Gen kèk elèv, apre yo te fin gradye, yo te nome yo pyonye espesyal oswa siveyan itineran, swa nan peyi yo swa nan yon peyi etranje. Gen lòt ki resevwa asiyasyon pou yo sèvi nan pwòp kongregasyon yo oswa yon kote ki gen yon gran bezwen nan tèritwa ki sou kont filyal peyi kote y ap viv la.
4 Pandan uit semèn lekòl la dire a, elèv yo etidye Labib afon. Avèk swen, yo egzamine yon bann ansèyman biblik, fason pou ansyen yo andose responsablite yo antanke bèje e yo egzamine kèk konsèy sou fason pou trete pwoblèm ki gen rapò ak konduit yon kretyen dwe genyen. Yo aprann tou ki sa Bib la di sou yon seri kesyon administratif, kesyon jidisyè ak kesyon nan domèn òganizasyon. Yo resevwa yon fòmasyon espesyal pou yo pale an piblik e yo chak yo jwenn èd pèsonèlman, sa ki pèmèt devlopman espirityèl yo fèt pi rapid.
5 Kondisyon : Nou ka konprann sa, gen gwo kondisyon pou yon moun ranpli pou l asiste lekòl la. Kandida yo dwe gen omwen dezan depi y ap sèvi san rete kòm ansyen oswa kòm asistan ministeryèl. Yo tout dwe selibatè e yo dwe gen ant 23 e 50 an. Fòk kandida yo konn li, fòk yo konn ekri, e lang lekòl la ap fèt ladan l lan, yo dwe pale l byen. Yo dwe an bòn sante, yo pa dwe ap suiv yon tretman oubyen yon rejim espesyal. Yo bay moun ki pyonye pèmanan yo priyorite.
6 Moun ki ta renmen vin nan lekòl la dwe dispoze sèvi kote ki gen bezwen e yo dwe anmezi pou fè sa. Sa mande pou yo gen menm etadespri ak pwofèt Izayi, ki te ofri tèt li ak anpresman pou akonpli yon travay espesyal, li te di : “ Men mwen ! Voye m. ” (Iza. 6:8). Pandan tout vi l, li te demontre li gen imilite. Se lanmou pou frè yo ansanm ak dezi pou sèvi yo ki ta dwe motive moun ki rann tèt yo disponib pou Lekòl fòmasyon ministeryèl la, se pa ta dwe paske yo vle toujou devan, oubyen pou yo gen yon pozisyon espesyal. Lè frè ki gradye yo fin resevwa bèl fòmasyon sa a, yo atann aske yo itilize sa yo aprann yo pou byen lòt moun. — Lik 12:48.
7 Byenfè : Pandan uit semèn frè yo pase ap pran fòmasyon entansif sa a, yo “ nouri ak pawòl lafwa ansanm ak bèl ansèyman ”. (1 Tim. 4:6.) Sa ekipe yo pou yo ede, pou yo ankouraje moun ki nan kongregasyon oswa nan sikonskripsyon yo voye yo a. Nan anpil kote frè ki gradye nan Lekòl fòmasyon ministeryèl yo asiyen, travay predikasyon an vin pran yon lòt elan, vin gen plis ankourajman pou moun pran sèvis pyonye, sitou pami jèn yo, e anpil moun ki fèk ap asosye yo ak pèp Bondye a resevwa pi plis atansyon.
8 Èske w se yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl selibatè ? Èske w gen ant 23 e 50 an ? Poukisa ou pa reflechi sou posiblite pou w aplike pou Lekòl fòmasyon ministeryèl la ? Èske w se yon jèn frè k ap reflechi sou objektif ou ta renmen atenn alavni nan sèvis Jewova ? Poukisa ou pa kenbe lavi w senp, pou w pa kite anyen distrè w yon fason pou w ka antre nan ‘ gwo pòt sa a k ap mennen nan aktivite ’ a ? Sa kapab ba ou anpil jwa, anpil satisfaksyon. Wi, Lekòl fòmasyon ministeryèl se yon benediksyon nonsèlman pou elèv ki gradye yo, men pou tout pèp Bondye a nan lemonnantye.
[Kare nan paj 3]
Kòman fòmasyon an te pwofitab pou yo
“ Fòmasyon mwen te resevwa a ede m amelyore ministè m ansanm ak kapasite m pou m sèvi ak Bib la pou m pran swen twoupo a avèk sajès. ”
“ Lekòl la ban m plis asirans pou m andose divès responsablite m genyen nan kongregasyon an. ”
“ Li chanje prèske tout aspè nan lavi m, li chanje pwennvi m sou teyokrasi a e sou òganizasyon Bondye a. ”
“ Fòmasyon mwen te resevwa a ede m plis pran konsyans sou nesesite pou m rann tèt mwen disponib pou m sèvi kote ki gen bezwen. ”