Yon nouvo dispozisyon pou ede nou evite san
Kolèj santral la dakò pou yo fè yon sèl dokiman legal ak pwen enpòtan ki nan fòmilè Procuration relative aux soins médicaux (PSM) ak sa ki nan kat Instructions médicales prévisionnelles/Décharge la. An jeneral, nou pral rele dokiman sa a kat DPA.
Kat DPA a ap valab pou toutan e l ap sèvi kòm deklarasyon ou fè ki eksprime volonte w lè w vwayaje nan lòt peyi. Alavni, w ap oblije ranpli yon nouvo kat DPA, si : 1) li nesesè pou w chanje yon bagay kèlkonk nan kat DPA a, tankou si w vle chanje volonte w, chanje moun de konfyans ou te chwazi yo, chanje adrès ak nimewo telefòn, oubyen 2) si kat DPA a pèdi oswa si l detwi.
Ou dwe priye lè w ap egzamine kat DPA a e ou dwe ranpli li avèk swen lakay ou. Sepandan, anvan nou siyen kat la, li enpòtan pou nou suiv fòmalite legal yo yon fason ki strik. Pa egzanp, si yo di nan kat la se devan de temwen ou dwe siyen l, yo dwe la lè w ap siyen l. Detanzantan, siveyan etid liv yo kapab verifye pou yo wè si moun ki poko ranpli nouvo kat la bezwen èd.
Anvan w pliye kat DPA a, fè fotokopi ki klè pou moun de konfyans ou chwazi a. Fè fotokopi tou pou moun ki kapab ranplase moun de konfyans ou chwazi a. Fè fotokopi pou doktè epi fè youn pou w konsève ansanm ak lòt dokiman enpòtan ou genyen. Ou kapab vle fè fotokopi tou pou lòt moun nan fanmi w e pou sekretè kongregasyon an. Kopi yo dwe fèt sou yon sèl bò fèy papye (8 1/2ʺ x 11ʺ), avèk kat DPA a santre nan mitan paj la. Se orijinal kat DPA a ou dwe toujou genyen sou ou, se pa yon fotokopi.
Carte d’identité ki gen dat enprimri 3/99 pou timoun ki poko batize, ki gen paran yo Temwen, pa chanje. Paran yo dwe asire yo yo gen yon kat pou chak timoun ki minè. Se pou paran yo ranpli li kòrèkteman epi siyen l pou timoun yo genyen l sou yo nan tout moman ki apwopriye.
Pwoklamatè ki poko batize yo kapab adapte sa ki di nan kat DPA a ak nan Carte d’identité a yon fason pou yo ekri enfòmasyon yo bay sou swen sante, pou yo menm ak pou pitit yo. Sekretè a dwe bay tout pwoklamatè ki fèk batize pandan ane a yon kat DPA.