BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/05 p. 3-5
  • Epòk Memoryal la : yon epòk pou plis aktivite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Epòk Memoryal la : yon epòk pou plis aktivite
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • “ Preche Pawòl Bondye a nèt ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Preche epi bay yon temwayaj konplè
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Fè konnen bèl kalite Jewova yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 2/05 p. 3-5

Epòk Memoryal la : yon epòk pou plis aktivite

1. Ki enfliyans “ fèt sezonye yo ” te genyen sou Izrayelit ki gen lakrentif pou Bondye yo ?

1 Nan kèk epòk byen presi nan ane a, Izrayelit yo nan tan lontan te konn selebre “ fèt sezonye Jewova” yo (Lev. 23:2). Tan yo te konn pran pou yo reflechi sou bonte Jewova te bay anpil kè kontan, epi sa te pouse yo pou yo zele pou vrè adorasyon an. — 2 Kwo. 30:21–31:2.

2, 3. Poukisa li apwopriye pou nou ogmante aktivite espirityèl nou yo pandan epòk Memoryal la, epi ki lè n ap selebre Memoryal la ?

2 Nan epòk modèn nan, aktivite teyokratik nou yo ki bay lajwa ogmante chak ane nan epòk Memoryal la. Se yon epòk kote nou reflechi anpil sou kado presye Jewova te ban nou an : sèl Pitit Gason li fè a (Jan 3:16 ; 1 Pyè 1:18, 19). Pandan n ap medite sou lanmou Bondye ak Pitit Gason l lan demontre pou nou, nou santi nou pouse pou nou bay Jewova louwanj e pou nou fè efò pou fè volonte l. — 2 Kor. 5:14, 15.

3 Ane sa a, n ap selebre Soupe Seyè a jedi 24 mas apre solèy fin kouche. Ki jan nou ta ka ogmante patisipasyon nou nan ministè a pandan mwa mas, avril ak me ?

4, 5. a) Ki sa k te ede kèk pwoklamatè pou yo atenn plis moun nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan ? b) Ki mwayen ou twouve ki bay bon rezilta nan zòn kote w preche a ?

4 Annou chèche atenn plis moun : Chèche mwayen pou w atenn plis moun ou kapab lè w nan predikasyon. Èske w kapab planifye pou w patisipe nan predikasyon kay an kay lè moun yo plis lakay yo, tankou nan aprèmidi oswa nan aswè ? Si gen kèk moun nan etid liv la ki ta renmen patisipe nan predikasyon anvan yo fè etid la, siveyan etid liv la kapab fè aranjman pou gen yon randevou pou predikasyon. Nan okazyon sa a, y ap fè yon reyinyon predikasyon toukout, yon fason pou yo travay nan yon tèritwa ki pa lwen.

5 Yon lòt mwayen pou nou atenn anpil moun se lè nou preche nan andwa piblik yo. Nan peyi Japon, gen yon sè ki te vle pran sèvis pyonye oksilyè byenke li te nan yon djòb a plen tan. Yon ansyen te fè l wè li kapab preche nan lari toupre yon estasyon tren chak jou anvan li ale nan travay. Apre li fin venk timidite li te gen lakay li, e li reziste anba mokri kèk pasaje, li te jwenn wout peryodik ak karant moun anviwon. Ladan yo te gen pasaje, anplwaye k ap travay nan estasyon tren an ak mèt magazen nan zòn nan. Li te plase an mwayèn 235 peryodik pa mwa. Lefètke li te pataje kèk pwen nan Bib la avèk moun chak jou, jis yon ti moman, sa te pèmèt li kòmanse sis etid biblik.

6. Ki jan jèn yo kapab ogmante aktivite espirityèl yo ?

6 Okazyon pou nou bay temwayaj : Anpil pwoklamatè ki lekòl toujou konn gen vakans pandan kèk epòk nan ane a. Epòk sa yo se bon okazyon pou yo pran sèvis pyonye oksilyè. Anplis de sa, jèn kretyen yo kapab ogmante aktivite yo lè yo bay temwayaj nan lekòl. Ou kapab sezi pou w wè ki jan kamarad ou yo anvi konnen kwayans ou. Èske w pa ta ka pwofite lè gen ekspoze nan klas la oswa lè yo bay fè redaksyon pou w bay temwayaj ? Gen lòt jèn ki te gen posiblite bay temwayaj ak kasèt videyo Temwen Jewova yo. Gen kèk lòt ki te kòmanse plizyè etid biblik avèk kamarad yo epi yo te ede yo pwogrese jis yo rive vwe vi yo bay Jewova e yo batize. Okazyon sa yo se bèl okazyon pou nou “ louwe non Jewova ”. — Sòm 148:12, 13.

7. a) Ki jan yon frè te pwofite okazyon li te genyen pou l bay lòt moun temwayaj ? b) Èske w te gen okazyon fè yon eksperyans konsa ?

7 Nan aktivite ou genyen chak jou, eseye divès fason pou w pale ak moun yo konsènan Bondye estrawòdinè nou an ansanm ak bèl pwomès li yo. Gen yon frè ki konn pran menm tren yo chak jou. Lè sa apwopriye, li bay lòt pasaje parèy li temwayaj. Pa egzanp, pandan l ap tann pou l pran yon lòt tren nan yon estasyon, li te konn bay yon jèn gason temwayaj chak jou pandan anviwon senk minit. Kòm rezilta, jèn gason an ak yon kòlèg li vin dakò pou yo fè yon etid biblik. Yo te konn fè etid la nan tren an pandan y ap vwayaje. Kèk tan apre, yon dam aje, ki te konn tande konvèsasyon yo, te ale bò kote frè a pou l mande l yon etid biblik. Li menm tou, li fè etid pal la nan jou li pran tren an. Konsa, frè a rive etidye ak dis moun nan tren an.

8. Moun ki limite paske yo granmoun oswa paske yo gen pwoblèm sante, ki metòd k ap pèmèt yo ogmante patisipasyon yo nan ministè a ?

8 Ki sa w kapab fè si kapasite w limite paske w vin granmoun oswa paske w gen pwoblèm sante ? Gen lòt mwayen ki kapab pèmèt ou bay Jewova plis louwanj. Èske w eseye bay temwayaj nan telefòn ? Si w pa byen konnen ki jan pou w bay temwayaj nan fason sa a, di siveyan etid liv ou a sa. Li kapab fè aranjman ak lòt pwoklamatè ki abitye sèvi ak metòd sa a pou yo travay ansanm avè w. Lè nou travay ansanm kòm patnè, youn kapab aprann nan men lòt, epi youn kapab ede lòt bay yon temwayaj efikas. Nou kapab jwenn bonjan konsèy sou fason pou nou bay temwayaj nan telefòn nan Ministè Wayòm fevriye 2001, paj 5-6.

9. Ki jan nou kapab ede moun n ap etidye Labib avèk yo pou yo vin kalifye pou yo patisipe nan ministè a ak kongregasyon an ?

9 Lè nouvo yo asiste Memoryal la, sa kapab ankouraje yo pou yo anvi bay Jewova plis louwanj. Ou kapab ede yo elimine krent yo genyen pou yo patisipe nan predikasyon kay an kay lè w rakonte yo eksperyans ankourajan moun fè nan predikasyon. Ou kapab ede yo tou, lè w fòme yo tikras pa tikras pou yo esplike ansèyman ki nan Bib la e pou yo defann fwa yo. (1 Pyè 3:15). Si yon moun w ap etidye Labib avè l vle kòmanse anonse bon nouvèl la, pale ak siveyan prezidan an. L ap fè aranjman pou gen yon rankont ak moun sa a, yon fason pou yo verifye si li kalifye pou l patisipe nan ministè a ak kongregasyon an. Se pa ti kontan kè Jewova dwe kontan pou l wè nouvo yo pran pozisyon pou soutni souvrènte inivèsèl li ! — Pwo. 27:11.

10. a) Ki jan yon bon pwogram kapab ede nou pran sèvis pyonye oksilyè ? b) Èske w te gen posiblite pran sèvis pyonye oksilyè ane pase pandan epòk Memoryal la ? Kòman w te fè ?

10 Èske w kapab pyonye oksilyè ? Se pou w pran oserye 50 èdtan yo mande pou pyonye oksilyè yo fè a (Mat. 5:37). Sa vle di, w ap bezwen fè aranjman pou w pase an mwayèn 12 èdtan nan predikasyon chak semèn. Èske youn nan pwogram pyonye oksilyè ki nan paj 5 lan koresponn ak sitiyasyon pa w ? Sinon, èske w kapab tabli yon pwogram k ap pèmèt ou pran sèvis pyonye oksilyè swa an mas, swa ann avril oubyen an me ? Mande Jewova pou l beni efò w ap fè pou w ogmante aktivite teyokratik ou. — Pwo. 16:3.

11. Ki jan ansyen yo ak asistan ministeryèl yo kapab soutni pwoklamatè ki pral pran sèvis pyonye oksilyè ?

11 Ansyen ak asistan ministeryèl yo ap soutni totalman gwo efò n ap fè pou epòk Memoryal la kapab yon epòk kote n ap bay Jewova louwanj yon fason espesyal. Li posib pou anpil nan frè sa yo pran sèvis pyonye oksilyè. Ansyen yo ap pran dispozisyon pou gen lòt randevou predikasyon, tankou randevou ta nan aprèmidi, nan aswè pandan semèn nan, e nan wikenn, selon bezwen an. Pou ansyen yo fikse lè ak kote y ap mete randevou sa yo epi kiyès k ap disponib pou dirije yo, y ap pale ak pwoklamatè ki deja planifye pou yo pyonye oubyen ak sa ki anvizaje pran sèvis la pou mwa a. Ansyen yo ap pran tout dispozisyon pou gen lòt pwoklamatè akonpaye nou nan jou nou rezève pou predikasyon. Konsa, pwogram yo kapab solidman etabli e anpil bon travay kapab akonpli. — Pwo. 20:18.

12. Ki sa ki pouse nou bay Jewova louwanj tout tan ?

12 Fè tout sa w kapab : Si sitiyasyon w pa pèmèt ou pran sèvis pyonye oksilyè, sonje Jewova aksepte efò nou yo ak sakrifis nou yo, ‘ selon sa nou genyen, e non selon sa nou pa genyen ’. (2 Kor. 8:12.) Nou gen anpil rezon pou nou di Jewova mèsi. David te gen bonjan rezon pou l ekri pawòl sa yo : “ Se tout tan mwen vle beni Jewova. Louwanj li ap toujou nan bouch mwen. ” ​(Sòm 34:1). Nou swete n ap gen menm detèminasyon an pandan epòk Memoryal la.

[Kare nan paj 3]

Ki jan w pral ogmante aktivite w ?

◼ Preche lè moun yo lakay yo

◼ Bay temwayaj nan andwa piblik

◼ Bay temwayaj nan travay ak nan lekòl

◼ Bay temwayaj nan telefòn

◼ Pran sèvis pyonye oksilyè

[Tablo nan paj 5]

Pwogram ki ka pèmèt ou sèvi kòm pyonye oksilyè — Fason w ka pwograme w pou w pase 12 èdtan nan predikasyon chak semèn.

Maten — lendi rive samdi

Ou ka chwazi dimanch nan plas nenpòt lòt jou nan semèn nan.

Jou Moman Èdtan

lendi maten 2

Madi maten 2

Mèkredi maten 2

Jedi maten 2

Vandredi maten 2

Samdi maten 2

Total èdtan : 12

De jou

Ou ka chwazi de jou nan semèn nan. (Selon jou w chwazi yo, pwogram sa a ka bay sèlman 48 èdtan pou mwa a.)

Jou Moman Èdtan

Mèkredi tout jounen 6

Samdi tout jounen 6

Total èdtan : 12

De sware ak wikenn nan

Ou ka chwazi de sware nan nenpòt jou nan semèn nan.

Jou Moman Èdtan

lendi aswè 1 1⁄2

Mèkredi aswè 1 1⁄2

Samdi tout jounen 6

Dimanch demi jounen 3

Total èdtan : 12

Twa aprèmidi ak samdi

Ou ka chwazi dimanch nan plas nenpòt lòt jou nan semèn nan.

Jou Moman Èdtan

lendi aprèmidi 2

Mèkredi aprèmidi 2

Vandredi aprèmidi 2

Samdi tout jounen 6

Total èdtan : 12

Pwogram predikasyon pa m

Fikse kantite èdtan w ap pase chak moman.

Jou Moman Èdtan

lendi

Madi

Mèkredi

Jedi

Vandredi

Samdi

Dimanch

Total èdtan : 12

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje