Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 me
“ Èske w panse n ap janm gen yon monn ki pa gen povrete ladan l ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bondye pwomèt. [Li Izayi 65:21.] Nimewo La Tour de Garde sa a esplike kòman pwomès sa a pral vin yon reyalite. ” Pran dispozisyon pou w retounen vin egzamine kesyon : Ki lè chanjman sa a Bondye pwomèt la ap reyalize ?
Réveillez-vous! 22 me
“ Anpil moun tande yo di egzèsis enpòtan pou lasante. Poutan, gen yon bann moun ki admèt yo pa fè egzèsis ase. Èske l pa konsa vre ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine byenfè ki genyen lè yon moun fè egzèsis regilyèman, e li bay sijesyon sou kèk fason nou ka rantre sa nan pwogram nou aktout nou okipe anpil. ”
Toudegad 1ye jen
“ Malgre se prèske tout moun k ap pale de lapè, limanite pa reyisi atenn inite mondyal la. Èske w panse yon reyalizasyon konsa se jis yon rèv ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a atire atansyon sou yon gouvènman ki kapab ini lemonn. ” Li Sòm 72:7, 8, epi pran dispozisyon pou w retounen vin egzamine kòman sa pral fèt.
Réveillez-vous! 8 jen
“ Èske w pa remake gen anpil moun ki enkyè akoz maladi kansè po k ap pran ekstansyon ? [Kite moun nan reponn.] Nimewo Réveillez-vous! sa a egzamine poukisa vin gen pi gwo risk kounye a, e li di ki sa nou ka fè pou nou pwoteje tèt nou. ” Pou fini, atire atansyon moun nan sou pwomès rekonfòtan nou jwenn nan Jòb 33:25.