BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/03 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 6/03 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 jen

“ Gen moun ki panse Jezi se pi gwo pèsonaj ki pase nan listwa. Gen lòt moun menm k ap mande si l te egziste vre. Èske w panse li enpòtan pou nou konnen si l te egziste ak si l pa t egziste ? [Lè moun nan fin reponn, li Travay 4:12.] Ki sa nan vèsè sa a ki montre Jezi Kris te pase sou tè a vre ? Peryodik sa a fè yon egzamen sou kesyon sa a. ”

Réveillez-vous! 22 jen

“ Kesyon anviwònman an se yon sijè ki okipe lespri anpil moun. Èske w panse li posib pou yo pwoteje forè twopikal yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike dispozisyon yo pran pou pwoteje forè twopikal yo. Li montre tou ki jan Bondye pral reyalize yon bèl pwomès li fè. ” Li Izayi 11:9.

Toudegad 1ye jiyè

“ Antanke moun, youn nan bezwen fondamantal nou genyen se pou nou renmen moun e pou nou santi moun renmen nou. [Li kòmantè yo fè sou imaj ki nan paj 4 la.] Men, èske w pa remake jodi a se lòt bagay sosyete a bay priyorite ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike ki sa vrè lanmou an ye e ki jan yon moun ka fè l grandi lakay li. ” Li 1 Korentyen 13:2.

Réveillez-vous! 8 jiyè

“ Gen anpil moun ki santi yo twouble lè yo wè jan moun ap plede fè vyolans pou ti krik ti krak. ” [Bay yon ka ki pase nan zòn nan epi kite moun nan di sa l panse.] Peryodik sa a egzamine plizyè nan koz ki fè gen vyolans konsa. Li esplike tou ki jan Bondye pral elimine krim ak vyolans yon fwa pou tout. ” Li Sòm 37:10, 11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje