Onzyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Ede etidyan yo fè vizit
1 Lè yon etidyan Labib kòmanse patisipe nan travay predikasyon an, l ap rankontre moun bon nouvèl la enterese. Ki jan nou ka ede nouvo pwoklamatè a pou li fè vizit ki efikas e pou li kiltive enterè li jwenn lakay moun yo ?
2 Preparasyon pou yon vizit kòmanse depi premye fwa nou rankontre yon moun. Ankouraje etidyan an pou li montre bonjan enterè pou moun l ap pale avèk yo (Fil. 2:4). Etap pa etap, aprann nouvo pwoklamatè a kòman pou li fè moun yo di sa yo panse, pou li koute yo lè y ap pale e pou li disène sa ki enterese yo. Lè yon moun montre li enterese, mande nouvo pwoklamatè a pou li ekri enfòmasyon ki apwopriye konsènan premye rankont lan. Sèvi ak enfòmasyon sa yo pou w ede l prepare lòt konvèsasyon.
3 Fè preparasyon pou nou retounen : Revize sa ki te di nan premye rankont lan, epi montre etidyan an ki jan pou li seleksyone yon aspè nan mesaj Wayòm nan k ap atire moun li te rankontre a (1 Kor. 9:19-23). Prepare ansanm yon prezantasyon ki tou kout, ki gen ladan l yon vèsè biblik ansanm ak yon paragraf nan yon piblikasyon nou itilize pou fè etid. Anplis de sa, prepare yon kesyon nou ka poze nan fen konvèsasyon an pou nou poze baz pou pwochen vizit la. Montre nouvo pwoklamatè a kòman pou li ogmante konesans moun nan sou Pawòl Bondye a nan chak vizit.
4 Li itil tou pou nou montre etidyan an yon entwodiksyon ki senp. Apre li fin salye moun nan, li ka di : “ Mwen te byen kontan ti konvèsasyon nou te genyen dènye fwa a, mwen tounen pou nou pataje lòt enfòmasyon biblik sou [di sijè a]. ” Anplis de sa, petèt w ap bezwen montre nouvo pwoklamatè a ki sa pou l di si se yon lòt moun li rankontre nan kay la.
5 Suiv enterè a avèk dilijans : Ankouraje etidyan an pou l pran bon abitid retounen vizite byen vit tout moun ki montre yo enterese. Pou nou rive jwenn moun yo lakay yo sa ka mande pou nou retounen avèk pèseverans. Aprann etidyan an kòman pou li pran randevou pou pwochen vizit la ankò, epi ede li konprann nesesite pou li retounen jan li te pwomèt la (Mat. 5:37). Aprann nouvo pwoklamatè a pou li montre li gen bonte, li gen konsiderasyon ak respè toutpandan l ap chèche moun ki tankou mouton yo e toutpandan l ap chèche kiltive enterè yo gen lakay yo. — Tit 3:2.