BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/05 p. 5
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye abiye ak “nouvo pèsonalite a” apre n fin batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Revizyon pou asanble sikonskripsyon an
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Yon dispozisyon pou minis kretyen yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 8/05 p. 5

Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Diran dènye jou monn kòwonpi sa a, li trèzenpòtan pou nou konsève rad espirityèl nou, e pou nou prezève idantite nou antanke kretyen (Rev. 16:15). Se sa k fè, li toutafè apwopriye pou tèm asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2006 la se : “ Abiye nou avèk nouvo pèsonalite a. ” — Kol. 3:10.

Premye jou : Premye senpozyòm nan gen tit : “ Annou demontre divès fasèt nouvo pèsonalite a ”. Li pral montre jan li pwofitab pou nou kiltive nouvo pèsonalite a nan tout domèn nan lavi nou. Ki jan pou nou kiltive nouvo pèsonalite a ? Se sa yo pral egzamine nan de dènye diskou premye jou a. Men tit premye a : “ Disipline tèt nou pou nou fè bonjan meditasyon ”. Lòt tit la se : “ Enstriksyon ki modle nouvo pèsonalite a ”.

Dezyèm jou : Dezyèm senpozyòm nan gen tit : “ Annou fè efò pou nou toujou gen lang moun ki saj. ” Li pral egzamine ki jan nouvo pèsonalite a enfliyanse fason nou sèvi ak lang nou. “ Èske w venk mechan an ? ” Sa a se tèm diskou piblik la. Li pral mete aksan sou nesesite pou nou rete vijilan devan taktik Satan yo. De dènye diskou asanble a se : “ Rete san tach parapò ak monn nan ” epi “ Renouvle moun nou ye pa anndan an chak jou ”. Yo pral ede nou evite atitid ak konduit ki pa ale nan menm sans ak prensip jis Bondye yo e yo pral ede nou kenbe tennfas nan adorasyon n ap bay Jewova a.

Se pa ti enpasyan nou enpasyan pou nou resevwa ankourajman sa a pou nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a, e pou nou konsève li !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje