BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/05 p. 1
  • Yon enstriksyon k ap mennen nan lavi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon enstriksyon k ap mennen nan lavi
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Ki kalite enstriksyon k ap pèmèt ou reyisi nan lavi w ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Tire pwofi nan pi bon enstriksyon ki egziste a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “Travay tankou esklav pou Jewova”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Ministè Wayòm nan — 2005
km 12/05 p. 1

Yon enstriksyon k ap mennen nan lavi

1 Se pa ti satisfaksyon nou jwenn lè nou wè je yon moun ap briye ofiramezi l ap vin konprann verite ki nan Pawòl Bondye a ! Lè nou transmèt konesans sou Bondye ak sou objektif li genyen pou limanite bay lòt moun, sa vrèman bay kè kontan. Enstriksyon sa a ka mennen yon moun nan lavi etènèl. — Jan 17:3.

2 Rezon ki fè li siperyè : Jodi a, yo itilize prèske tout mwayen posib e prèske tout sijè moun ta ka imajine pou yo bay enstriksyon (Ekl. 12:12). Men, pa gen konparezon posib ant valè konesans sa yo genyen ak valè “ bèl bagay Bondye yo ” genyen (Tra. 2:11). Èske enstriksyon yo bay nan monn nan rive fè lèzòm vin pi pwòch Kreyatè a ? Èske l fè yo konnen objektif li ? Èske l ede moun konprann sa k rive nou lè nou mouri oswa poukisa gen anpil soufrans konsa ? Èske l bay moun yo yon esperans ? Èske l ede yo amelyore vi fanmi yo ? Non. Se sèlman pa mwayen enstriksyon Bondye bay la nou ka jwenn vrè repons pou kesyon ki pi enpòtan nan lavi a.

3 Enstriksyon Bondye bay la founi yon bagay ki trè ra nan monn nan jodi a : li amelyore moralite moun ki resevwa l. Pawòl Bondye a derasinen prejije ras, prejije tribi ak nasyonalis nan kè moun ki aksepte ansèyman ki gen ladan l e ki aplike yo (Ebre 4:12). Li fè moun rejte tout fòm vyolans e li fè yo ‘ abiye yo avèk nouvo pèsonalite a ’. (Kol. 3:9-11 ; Mika 4:1-3.) Anplis de sa, enstriksyon Bondye bay la bay plizyè milyon moun fòs pou yo venk abitid ak tanperaman ki te enstale fon nan yo e ki pa fè Bondye plezi. — 1 Kor. 6:9-11.

4 Rezon ki fè gen ijans kounye a : Gran Pwofesè nou an fè nou konnen siyifikasyon epòk n ap viv la. Jijman pwofetik li a gen enfòmasyon ki valab pou epòk nou an, enfòmasyon ki dwe pwoklame sou tout tè a (Rev. 14:6, 7). Kris ap gouvène nan syèl la, talè konsa anpi mondyal fo relijyon an pral devaste, e Wayòm Bondye a sou wout pou l detwi tout gouvènman ki sou tè a (Dàn. 2:44 ; Rev. 11:15 ; 17:16). Kidonk, li ijan pou moun yo rekonèt Wa Bondye mete dirije kounye a, pou yo soti nan Gran Babilòn nan, e pou yo envoke non Jewova ak lafwa (Sòm 2:11, 12 ; Wom. 10:13 ; Rev. 18:4). Annou patisipe pi plis posib nan bay moun enstriksyon k ap mennen nan lavi a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje