Fason nou ka kòmanse etid nan liv Sa Labib anseye a
Gen anpil nan nou ki ta kontan kondui yon etid biblik, men, pwoblèm nan se kòmanse etid la. Nouvo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a ka ede nou fè sa. Prefas ki nan paj 3-7 la fèt yon fason pou nou ka itilize liv la pou nou kòmanse konvèsasyon biblik avèk moun yo. Menm moun ki pa gen anpil eksperyans nan predikasyon ap twouve li fasil pou yo sèvi avè l pou yo kòmanse etid.
◼ Nou ka itilize metòd ki vin apre a pou paj 3 a :
Apre nou fin mansyone yon nouvèl oswa yon pwoblèm ki okipe lespri moun yo nan tèritwa a, atire atansyon moun n ap pale avè l la sou kesyon ki ekri an lèt fonse nan paj 3 a, epi mande l pou l fè kòmantè sou kesyon sa yo. Apre sa, vire nan paj 4-5.
◼ Oswa nou ka prefere atire atansyon moun nan toudabò sou paj 4-5 lan :
Nou ka di : “ Èske se pa t ap yon bèl bagay si chanjman nou wè la yo ta fèt toutbonvre ? ” Oswa nou ka mande moun nan : “ Kiyès nan pwomès sa yo ou ta renmen wè reyalize ? ” Koute repons moun nan bay la avèk atansyon.
Si nou remake gen yon vèsè an patikilye ki enterese moun n ap pale avè l la, egzamine paragraf nan liv la ki pale de vèsè sa a pou nou ka montre l sa Labib anseye sou sijè a. (Gade kare ki nan paj sa a.) Egzamine pwen an tankou se yon etid biblik ou t ap fè. Ou ka fè sa nan senk a dis minit depi nan premye rankont lan nan papòt kay la.
◼ Lòt metòd nou ka itilize, nou ka sèvi ak paj 6 la pou nou envite moun nan di sa l panse :
Dirije atansyon moun n ap pale avè l la sou kesyon ki anba paj la, epi mande l : “ Èske w janm poze tèt ou youn nan kesyon sa yo ? ” Si li montre gen youn nan yo ki enterese l, montre l paragraf nan liv la ki reponn kesyon an. (Gade kare ki nan paj sa a.) Pandan n ap egzamine enfòmasyon an ansanm ak moun nan, nou tou ap kondui yon etid biblik.
◼ Nou ka sèvi ak paj 7 la pou nou bay moun nan yon egzanp sou fason yon etid biblik fèt :
Li twa premye fraz nan paj la, epi al nan chapit 3 a, sèvi ak paragraf 1-3 pou w montre l ki jan yon etid fèt. Pran randevou pou w retounen vin egzamine repons yo bay pou kesyon ki nan paragraf 3 a.
◼ Fason pou w pran randevou pou w retounen :
Lè w ap fini ak premye etid la, pran randevou pou w vin kontinye konvèsasyon an. Ou ka annik di : “ Nan kèk minit sèlman, nou sot aprann sa Labib anseye sou yon sijè ki enpòtan. Yon pwochèn fwa, nou ka pale sou [poze yon kesyon n ap gen pou nou egzamine]. Èske m ka repase lòt semèn nan menm lè a ? ”
Etan n ap pwoche pi pre tan Jewova fikse a, li kontinye ekipe nou pou travay nou gen pou nou fè a (Mat. 28:19, 20 ; 2 Tim. 3:17). Annou byen sèvi ak nouvo zouti sa a, bèl zouti sa a, pou nou kòmanse etid biblik.
[Kare nan paj 3]
Konvèsasyon sou vèsè biblik nou jwenn nan paj 4-5
◻ Revelasyon 21:4 (p. 27-8, § 1-3)
◻ Izayi 33:24 ; 35:5, 6 (p. 36, § 22)
◻ Jan 5:28, 29 (p. 72-3, § 17-19)
◻ Sòm 72:16 (p. 34, § 19)
Repons kesyon ki nan paj 6 yo
◻ Poukisa n ap soufri (p. 108-9, § 6-8) ?
◻ Ki jan nou ka fè fas ak enkyetid ki gen nan lavi a (p. 184-5, § 1-3) ?
◻ Ki jan nou ka rann lavi fanmi nou pi agreyab (p. 143, § 20) ?
◻ Ki sa k rive nou lè nou mouri (p. 58-9, § 5-6) ?
◻ Èske n ap janm rewè moun pa nou yo ki mouri (p. 72-3, § 17-19) ?
◻ Ki jan nou ka fè sèten Bondye ap reyalize pwomès li fè nou pou lavni (p. 25, § 17) ?