Annou atire atansyon moun yo sou “ limyè monn nan ”
1. Ki gwo limyè yo te anonse nan Pawòl Bondye a, e ki okazyon ki atire atansyon sou limyè sa a ?
1 Men sa Jewova te predi pa mwayen pwofèt Izayi : “ Pèp ki t ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Kanta pou moun ki abite nan peyi ki sonm anpil la, limyè a briye sou yo. ” (Iza. 9:2). “ Gwo limyè ” sa a te parèt klè nan aksyon Pitit Bondye a, anpalan de Jezi Kris. Travay li te fè pandan li te sou tè a ak byenfè moun jwenn grasa sakrifis li a fòtifye moun ki te nan fènwa espirityèl. Se yon limyè konsa moun yo bezwen nan epòk fènwa nou ye kounye a. Soupe Seyè a ban nou yon opòtinite espesyal pou nou atire atansyon moun yo sou “ limyè monn nan ”. (Jan 8:12.) Ane pase, te gen plizyè milyon moun ki te demontre lafwa nan yon sèten degre lè yo te met ansanm avèk nou pou obeyi kòmandman Jezi a ki di : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ” (Lik 22:19). Pandan Memoryal ane sa a ap pwoche, ki jan nou ka atire atansyon moun yo sou gwo limyè Jewova fè briye a ? — Fil. 2:15.
2. Ki jan nou ka ogmante rekonesans nou gen nan kè nou pou sakrifis ranson an, e ki rezilta sa ap bay ?
2 Chèche gen yon rekonesans ki soti nan kè : Epòk Memoryal la se yon epòk apwopriye pou nou medite sou gwo lanmou Jewova ak Jezi demontre pou limanite pa mwayen sakrifis ranson an (Jan 3:16 ; 2 Kor. 5:14, 15). Yon meditasyon konsa pap manke pa fè nou vin gen plis rekonesans nan kè nou pou evènman sakre sa a. Tout sèvitè Bondye ap dispoze rezève tan pou yo fè lekti biblik espesyal yo prevwa pou Memoryal la, jan sa parèt nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a, e pou yo medite sou lekti yo fè a. Lè nou reflechi sou kalite san parèy Jewova yo ki revele avèk anpil glwa nan dispozisyon ranson an, sa fè nou fyè dèske nou gen Jewova kòm Dye nou. Lè nou medite sou sa ranson an reprezante pou nou pèsonèlman, sa ogmante lanmou nou gen nan kè nou pou Bondye ak Pitit li a, e sa pouse nou fè tout sa nou kapab pou nou fè volonte l. — Gal. 2:20.
3. Ki jan nou ka demontre rekonesans nou pou Memoryal la ?
3 Si nou ogmante rekonesans nou pou dispozisyon Jewova pran pou sove nou, antouzyas nou pou Memoryal la ap rejayi sou etidyan yo, sou moun nou al revizite yo, fanmi nou, vwazen nou, kondisip nou, kòlèg nou ak lòt moun nou envite nan okazyon espesyal sa a (Lik 6:45). Se poutèt sa, nou dwe fè yon efò espesyal pou nou envite tout moun sa yo, pou nou ba yo yon fich envitasyon k ap fè yo sonje evènman an. Gen anpil moun, pou yo pa bliye okenn nan moun yo vle envite nan Memoryal la, yo twouve li itil pou yo sèvi ak yon lis moun yo abitye envite, e chak ane yo ajoute lòt non nan lis sa a. Lè nou òganize nou konsa, epi nou fè tout sa nou kapab pou nou envite moun ki enterese yo, se yon bon mwayen pou nou demontre Jewova Dye rekonesans nou pou “ kado gratis li bay la, yon kado nou pa ka dekri ”. — 2 Kor. 9:15.
4. Ki sa ki ka ede nou ogmante patisipasyon nou nan ministè a diran mwa mas ak avril ?
4 Ogmante patisipasyon w nan ministè a : Èske w ka ogmante patisipasyon w nan ministè a diran mwa mas ak mwa avril ? Lè w fè efò pou bay lòt moun “ bon nouvèl glorye a, bon nouvèl konsènan Kris ” la, asireman w ap gen benediksyon Bondye. Jewova, antanke Sous tout limyè espirityèl, fè rekòmandasyon sa a : “ Se pou limyè briye nan fènwa. ” (2 Kor. 4:4-6). Si li nesesè, ansyen yo ap fè aranjman pou gen lòt reyinyon predikasyon ki fèt nan lòt lè e nan lòt lokal apa de sa yo abitye fè yo. Y ap pran latèt pou yo soutni pwoklamatè ki ta renmen pase plis tan nan predikasyon yo. Sa ka mande pou yo soti bonè nan maten, pou yo preche nan lari oswa yo ka fè aranjman pou yo preche nan tèritwa ki gen anpil biznis yo e yo ka bay temwayaj nan telefòn aprèmidi oswa aswè. Pou w ka ogmante patisipasyon w nan ministè a, fikse yon objektif rezonab pou w fè yon kantite lè, e fè tout efò w pou w atenn li. Nan ka anpil moun, bay Jewova sa ki pi bon gen ladan l privilèj pou yo pran sèvis pyonye oksilyè. — Kol. 3:23, 24.
5. Ki jan anpil moun tire pwofi lefètke kantite lè pou pyonye oksilyè yo bay la diminye ?
5 Èske w ka pran sèvis pyonye oksilyè ? Sa fè deja plis pase setan depi kantite lè pou yon pyonye oksilyè bay diminye. Ajisteman sa a fè li posib pou pi plis moun goute byenfè ki gen nan sèvis pyonye oksilyè. Èske w deja eseye pran sèvis sa a ? Gen moun ki toujou fè sa chak ane. Nan anpil kongregasyon, gen anpil pwoklamatè ki pran sèvis pyonye oksilyè ansanm, e sa vin yon peryòd remakab nan aktivite kongregasyon an pandan ane a. Èske w ka pwograme w pou w pase yon mwa an jwa kòm pyonye oksilyè diran epòk Memoryal la ? San dout, avril ap yon bon mwa pou kèk moun, piske li gen senk wikenn okonplè.
6. Ki aranjman ankourajan ki fèt ?
6 Èske kongregasyon pa w la ap gen vizit siveyan sikonskripsyon pandan mwa mas oswa mwa avril ? Si wi, ou gen yon posiblite anplis devan w. Jan yo te deja anonse sa, pandan ane sèvis 2006 la, tout moun ki pran sèvis pyonye oksilyè diran mwa siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an ap jwenn envitasyon pou yo asiste mwatye nan reyinyon k ap fèt pou pyonye yo pandan semèn vizit la. Pa gen dout, enfòmasyon espirityèl fòtifyan y ap bay nan reyinyon sa a ap ede anpil pyonye oksilyè pou yo rive vin pyonye pèmanan. Anplis de sa, pandan mwa mas la, nou pral kontan ede moun yo vin nan limyè espirityèl la pa mwayen nouvo liv etid Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Fikse objektif pou w kòmanse etid biblik nan nouvo liv sa a.
7, 8. a) Ki sa ki ka ede nou etabli yon pwogram pou nou pyonye oksilyè ? b) Lè tout moun nan yon fanmi kolabore youn ak lòt, ki èd sa ka pote, e ki byenfè tout fanmi an ap jwenn ?
7 Piske se 50 è pyonye oksilyè yo dwe fè, eseye wè ki aranjman k ap pèmèt ou fè limyè verite a briye pandan anviwon 12 èdtan chak semèn. Pale sa ak pwoklamatè ki deja reyisi fè sa, pale sa ak lòt moun tou. Sa ka ankouraje yo fè menm jan avè w. Gen pwoklamatè batize, ni jèn ni granmoun, ki rann yo kont li pa t twò difisil pou yo te atenn objektif louwab sa a grasa yon bon planifikasyon. Priye sou sa. Epi, si sa posib, òganize w, pran sèvis pyonye oksilyè epi w ap jwenn byenfè ! — Mal. 3:10.
8 Nan anpil fanmi, moun yo rann yo kont si youn soutni lòt, li posib pou omwen youn nan yo atenn objektif sa a. Gen yon fanmi ki te deside pou toule senk moun ki batize nan fanmi an pran sèvis pyonye oksilyè. Gen de lòt timoun nan fanmi an ki potko batize ki te fè yon efò espesyal pou yo ogmante aktivite yo. Ki jan fanmi an te tire pwofi nan gwo efò sa a ki te fèt la ? Men sa yo te ekri : “ Se te yon mwa ki te tèlman agreyab, nou santi lyen ki ini fanmi an te fòtifye. Nou remèsye Jewova pou kokenn benediksyon li ban nou. ”
9. Ki jan nou ka fè limyè nou briye diran epòk Memoryal la ?
9 Èske aktivite espesyal n ap genyen diran mwa mas ak mwa avril la ap ankourajan pou nou ? Èske sa ap fè nou vin pi pwòch Papa nou ki nan syèl la ? Sa depann de efò pèsonèl nou pral fè pou nou apwofondi lanmou nou pou Bondye ak Pitit li a ak efò nou pral fè pou nou ogmante patisipasyon nou nan ministè a. Se pou nou pran menm rezolisyon ak salmis la ki te chante pawòl sa yo : “ M ap fè anpil elòj pou Jewova avèk bouch mwen, e nan mitan anpil moun m ap louwe l. ” (Sòm 109:30). Jewova ap beni aktivite zele n ap genyen pou epòk Memoryal la. Kidonk, annou fè yon gwo limyè briye pou pi plis moun soti nan fènwa e pou yo “ posede limyè lavi a ”. — Jan 8:12.