Yo konfye nou yon trezò
1 Apot Pòl te bay misyon Bondye te ba li pou l preche a valè, e li te pale de misyon sa a kòm yon “ trezò ”. (2 Kor. 4:7.) Li te andire difikilte ak pèsekisyon pandan li t ap akonpli misyon sa a. Li pa t janm bouke preche kèlkeswa moun li te rankontre. Li te fè anpil vwayaj danjere ni sou tè ni sou lanmè. Ki jan nou ka imite Pòl, e ki jan nou ka montre nou cheri ministè nou an (Wom. 11:13) ? Ki sa k fè ministè nou an se yon trezò ki san parèy ?
2 Yon trezò siperyè : Souvan, trezò materyèl yo konn lakòz gwo chagren, e se sèlman yon satisfaksyon tanporè yo bay. Men, yon lòt bò, ministè nou an ap pote byenfè ki dirab ni pou nou ni pou lòt moun (1 Tim. 4:16). Li ede moun ki sensè yo pou yo konnen Jewova, li ede yo fè chanjman ki nesesè nan lavi yo, e li ede yo gen yon bonjan esperans pou yo viv pou toutan (Wom. 10:13-15). Lè nou bay ministè nou anpil valè, nou vin gen yon bi nan lavi a ki ban nou satisfaksyon, yon satisfaksyon dirab lefètke nou santi n ap akonpli yon bagay enpòtan, e nou vin gen yon bèl esperans pou lavni. — 1 Kor. 15:58.
3 Demontre ou bay trezò w la anpil valè : Souvan, sa nou dispoze depanse pou yon bagay demontre ki enpòtans nou bay bagay sa a. Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou sèvi ak tan nou ak enèji nou pou nou bay Jewova louwanj (Efe. 5:16, 17) ! Fason nou itilize tan nou dwe demontre nou bay bagay espirityèl yo plis valè pase objektif materyèl yo ? Piske nou gen yon bagay ki gen anpil valè konsa pou nou pataje ak lòt moun, nou bezwen preche avèk antouzyas e nou bezwen veye tout okazyon pou nou anonse bon nouvèl la.
4 Souvan, lè yon moun gen yon bagay ki presye, li pa kache l, men li mete l kote tout moun ka wè l. Si nou konsidere ministè nou kòm yon trezò, n ap ba l yon plas enpòtan nan lavi nou (Mat. 5:14-16). Avèk anpil rekonesans nan kè nou, se pou nou toujou kontinye imite Pòl e se pou nou pwofite tout okazyon pou nou montre nou bay ministè nou anpil valè e nou konsidere l kòm yon trezò.