Annou bay privilèj nou genyen pou nou preche a anpil valè
1. Ki jan anpil moun nan monn nan konsidere travay predikasyon n ap fè a?
1 Nan monn Satan an, anpil moun konsidere travay predikasyon n ap fè a kòm yon “bagay moun sòt”. (1 Kor. 1:18-21.) Si nou pa veye, move pwennvi sa a ka dekouraje nou e li ka fè nou vin gen mwens zèl (Pwo. 24:10; Iza. 5:20). Pou ki rezon nou bay privilèj nou genyen antanke Temwen Jewova a anpil valè? — Iza. 43:10.
2. Poukisa nou ka di travay predikasyon an se “yon travay sakre”?
2 “Yon travay sakre”: Apot Pòl te pale de travay predikasyon an kòm “yon travay sakre”. (Wom. 15:15, 16.) Nan ki sans travay sa a se yon “travay sakre”? Lefètke n ap patisipe ladan l sa fè nou vin “ konpayon travay” Jewova, “Sen an”, e sa pèmèt nou sangtifye non l (1 Kor. 3:9; 1 Pyè 1:15). Jewova konsidere travay predikasyon an tankou se ‘louwanj n ap ba li kòm sakrifis’. Kidonk, ministè a se yon aspè enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova. — Ebre 13:15.
3. Sa k fè se yon gwo onè sa ye pou nou preche bon nouvèl la?
3 Se yon gwo onè sa ye pou nou preche bon nouvèl la, e se pa anpil moun ki gen onè sa a. Zanj yo ta byen kontan fè travay sa a e pa gen dout nan sa, yo t ap fè l trè byen (1 Pyè 1:12). Sepandan, Jewova chwazi nou menm, moun enpafè, ki tankou “veso ki fèt an tè”, pou l bay kokenn privilèj sa a. — 2 Kor. 4:7.
4. Ki jan nou ka montre nou bay ministè a anpil valè?
4 Yon priyorite: Lefètke nou vrèman bay privilèj nou an anpil valè, sa fè nou konsidere ministè a kòm youn nan “bagay ki pi enpòtan” nan lavi nou (Fil. 1:10). Se sa k fè nou rezève tan pou nou patisipe nan travay predikasyon an chak semèn. Yon mizisyen ki nan yon òkès ki gen gwo renome, ki bay privilèj li genyen an anpil valè, ap prepare l pou chak konsè e l ap fè efò pou l devlope talan l. Menm jan an tou, n ap prepare anvan nou patisipe nan ministè a yon fason pou nou ka “manyen pawòl verite a kòrèkteman” e n ap fè efò pou nou gen plis ‘ladrès nan fason n ap anseye’. — 2 Tim. 2:15; 4:2.
5. Kiyès ki apresye travay predikasyon n ap fè a?
5 Pinga nou kite atitid negatif pifò moun genyen sou travay n ap fè a dekouraje nou. N ap sonje gen anpil moun toujou nan tèritwa a ki byen kontan lè nou pase vizite yo. Sepandan, se pa favè moun n ap chèche. Sa k pi enpòtan se kòman Jewova wè nou, e li bay efò nou fè ak tout nou menm anpil valè. — Iza. 52:7.