Preche Wayòm nan se yon bèl privilèj
1 Chak jou, gen plizyè milya moun sou tè a ki benefisye dispozisyon Jewova pran avèk jenewozite pou l pèmèt moun rete an vi (Mat. 5:45). Sepandan, se yon vyepti kantite nan moun sa yo ki montre rekonesans yo anvè Kreyatè yo a lè yo preche bon nouvèl Wayòm nan, yon privilèj san parèy (Mat. 24:14). Nan ki pwen ou bay bèl privilèj sa a enpòtans ?
2 Predikasyon Wayòm nan onore Bondye e li pote espwa ak lapè pou moun ki anba detrès nan peryòd boulvès jodi a (Ebre 13:15). Pou moun ki byen reyaji devan mesaj la, sa siyifi lavi etènèl (Jan 17:3). Ki karyè pwofàn oswa ki pwofesyon ki bay byenfè konsa ? Apot Pòl te konsidere ministè l tankou yon trezò, e li te montre apresyasyon l gen pou li nan fason li te akonpli l. — Tra. 20:20, 21, 24 ; 2 Kor. 4:1, 7.
3 Nou cheri bèl privilèj nou genyen an : Yon fason nou montre rekonesans nou pou privilèj nou genyen pou nou preche, se lè nou fè atansyon ak kalite sèvis n ap bay la. Èske nou rezève tan pou nou prepare yon prezantasyon ki pou touche kè moun k ap koute nou yo ? Èske nou ka travay pou nou vin pi abil nan fason nou sèvi ak Bib la ak nan fason n ap rezone ak moun yo ? Èske nou travay tèritwa yo asiyen nou an afon ? Èske nou ka kòmanse yon etid biblik epi kontinye kondui l ? Menm jan ak kretyen wen lontan yo e menm jan ak sa ki la jodi a, bonjan pwennvi nou genyen sou aktivite sa a ankouraje nou. E nou cheri privilèj nou genyen an. — Mat. 25:14-23.
4 Si w ap fè fas ak pwoblèm laj, si sante w pa anfòm, oswa si w rankontre lòt sitiyasyon difisil, efò w ap fè pou w patisipe nan ministè a avèk zèl gen anpil enpòtans tou. Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova bay efò sa yo nou fè nan sèvis li anpil valè, menmsi efò sa yo kapab pa sanble enpresyone lòt moun. — Lik 21:1-4.
5 Predikasyon Wayòm nan se yon gwo sous satisfaksyon. Yon sè ki gen 92 an di : “ Ala kontan m kontan lè m sonje plis pase 80 ane mwen fè nan sèvis Bondye, san okenn regrè ! Si m te ka reviv lavi m ankò, mwen t ap chwazi viv menm fason an, paske vrèmanvre, ‘ bonte Bondye moun pa merite a pi bon pase lavi ’. ” (Sòm 63:3). Nou menm tou, ann apresye bèl privilèj Bondye ban nou pou nou preche Wayòm nan.