Repons kesyon w yo
◼ Ki jan yo ta dwe entwodui kantik nou chante pou kòmanse Lekòl ministè teyokratik, reyinyon sèvis, reyinyon piblik ak etid Toudegad, e kiyès ki ta dwe fè sa ?
Nan paj mitan Ministè Wayòm oktòb la, gen yon lis kantik yo dwe chante pou kòmanse Lekòl ministè teyokratik chak semèn. Nan dezyèm paj Ministè Wayòm yo, yo toujou mete kantik yo dwe chante chak semèn nan kòmansman ak nan fen reyinyon sèvis la. Konsa tou, nan chak Toudegad, nan paj 2 a, n ap jwenn nimewo kantik yo dwe chante chak semèn nan etid Toudegad. Kantik yo chante pou entwodui chak reyinyon fè pati reyinyon sa a tou. Pakonsekan, se pa frè ki t ap prezide reyinyon ki te fèt anvan an ki pou entwodui kantik pou reyinyon k ap fèt apre a.
Pa egzanp, siveyan Lekòl teyokratik la ap swete moun nan oditwa a byenveni, l ap entwodui kantik yo pral chante nan kòmansman lekòl la, l ap kondui lekòl la, apre sa l ap entwodui frè ki pral fè premye patisipasyon nan reyinyon sèvis la. Se frè ki pral fè premye patisipasyon nan reyinyon sèvis la k ap entwodui kantik yo pral chante nan kòmansman reyinyon sa a.
Menm jan an tou, pou kòmanse reyinyon piblik la, frè k ap prezide reyinyon sa a ap fè moun nan oditwa a konnen reyinyon an pral kòmanse. Avèk antouzyas, l ap swete tout moun nan oditwa a byenveni, apre sa l ap mande yo pou yo chante ansanm kantik oratè a te chwazi a. Li menm oswa yon lòt frè yo chwazi alavans ap priye anvan reyinyon an kòmanse. Prezidan an ap entwodui oratè a e l ap di ki sijè oratè a pral devlope nan diskou a. Apre diskou a, avèk kèk ti pawòl tou kout, frè k ap prezide reyinyon an ap eksprime apresyasyon pou enstriksyon kongregasyon an te resevwa nan diskou a. Li pap rezime pwen oratè a te devlope nan diskou a. Ansuit, l ap anonse tit diskou piblik pou semèn apre a, epi apre sa l ap mande moun nan oditwa a pou yo rete pou etid Toudegad la. Prezidan an pa bezwen mande moun nan oditwa a si yo ta renmen voye salitasyon pou kongregasyon kote oratè vizitè a soti a. Finalman, prezidan an ap entwodui frè ki pral kondui etid Toudegad la.
Frè k ap kondui etid Toudegad la ap mande moun nan oditwa a pou yo chante kantik pou yo kòmanse reyinyon sa a, l ap kondui etid la dapre enstriksyon ki genyen sou fason pou yo kondui etid la, ansuit l ap anonse kantik final la. Nòmalman, kondiktè etid Toudegad la ap envite frè ki te bay diskou a pou l fè priyè final la.
Si nou suiv enstriksyon sa yo, reyinyon nou yo ap dewoule menm jan sou tout tè a.