Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
Jewova merite pou nou ba l glwa. Ki sa nou ka fè pou nou glorifye Jewova ? Ki sa k fè li difisil pou kèk moun glorifye Jewova ? Ki byenfè moun k ap glorifye Bondye yo jwenn ? Asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2008 la pral ban nou bonjan repons pou kesyon sa yo. Men tèm li : “ Fè tout bagay pou glwa Bondye ”. (1 Kor. 10:31.) Annou egzamine ki sa ki sere pou nou pandan de jou sa yo kote nou pral jwenn anpil enstriksyon espirityèl.
Siveyan distri a pral pale sou sijè ki vin apre yo. “ Poukisa nou dwe bay Bondye glwa ? ”, “ Se pou nou bay egzanp lè nou obeyi kòmandman Bondye yo ”. Se li k ap bay diskou piblik la ki gen tèm : “ Kiyès k ap bay Bondye glwa jodi a ? ”, e se li tou k ap fè diskou final la ki gen tèm : “ Nou ini pou nou bay Bondye glwa tout kote sou tè a ”. Se li menm ki pral dirije Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan sikonskripsyon an li menm pral devlope tèm ki vin apre yo. “ Pran plezi pou nou reflete glwa Bondye ”, “ Bezwen sikonskripsyon an ”, “ Se pou nou kenbe ‘ fèm nan laverite ’ ”, yon diskou ki baze sou 2 Pyè 1:12. Anplis de sa, nou pral aprann ki jan “ Sèvis pyonye glorifye Bondye ”. Ap gen de senpozyòm k ap pouse moun reflechi. Premye a gen tèm “ Ann glorifye Bondye nan tout fasèt nan lavi nou ”. Li pral egzamine sans pwofon pawòl enspire ki nan 1 Korentyen 10:31 an. Dezyèm senpozyòm nan ki gen tèm “ N ap bay yon sèvis sakre pou nou louwe Jewova ” pral pale sou divès fasèt ki gen nan adorasyon n ap bay Jewova a. Nan dimanch ap gen egzamen tèks pou jounen an e ap gen rezime Toudegad. Pwoklamatè ki ta renmen batize ap gen posiblite pou yo fè sa.
Pifò moun k ap viv sou tè a refize admèt yo dwe sèvi Bondye. Anpil nan yo tèlman konsantre sou pwojè lèzòm genyen, sa fè yo pa reflechi sou grandè Jewova (Jan 5:44). Men nou menm nou konvenki se yon bagay ki enpòtan pou nou pran tan pou nou reflechi sou fason pou nou “ fè tout bagay pou glwa Bondye ”. Planifye pou w la e pou w tire pwofi omaksimòm nan toule kat sesyon yo.