BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/08 p. 1
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Yon dispozisyon pou minis kretyen yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Yon asanble sikonskripsyon k ap ede nou prezève espirityalite nou
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 1999
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 8/08 p. 1

Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Ki sa nou ka fè pou nou rive kenbe fèm devan moun ki opoze ak vrè adorasyon an yon fason ki fewòs ? Ki sa nou ka fè pou nou reziste kont fòs ki toujou ap pouse nou pou nou retounen nan monn sa a ki san respè pou Bondye ? Pwogram asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2009 la pral bay bonjan repons pou kesyon sa yo. Men tèm li : “ Kontinye venk mal la avèk byen ”. (Wom. 12:21.) Annou egzamine sa nou pral jwenn nan pwogram asanble sa a.

Siveyan distri a pral fè diskou sa yo : “ Nou jwenn fòs pou nou venk mal la avèk byen ”, “ Fè atansyon pou nou pa twò kwè nan tèt nou ! ”, “ Tout mechanste pral fini talè konsa ! ”, “ Annou fòtifye fwa nou pou nou ka venk monn nan ”. Siveyan sikonskripsyon an pral devlope tèm sa a : “ Si gen yon moman pou nou rete je klè se kounye a ”. Li baze sou Women 13:11-13. Se li menm tou k ap devlope tèm sa a : “ Pinga w montre w dekouraje nan jou detrès ”. Li baze sou Pwovèb 24:10. Anplis de diskou sa yo, siveyan sikonskripsyon an ap prezante, diskou ki gen tèm : “ Ann egzamine bezwen sikonskripsyon an ”. Se avèk enpasyans n ap tann tout diskou sa yo. Yon lòt pati ki pral ankourajan nan kongrè a se pral patisipasyon ki gen tèm : “ Èske w ka bay tout ou menm nan ministè a — lè w pran sèvis pyonye ? ” Premye nan de senpozyòm ki pral fèt yo gen tèm : “ Kenbe fèm kont manèv Dyab la ”. Li pral ede nou idantifye manèv Satan yo e l ap ede nou rejte pyèj Satan tann pou nou nan domèn teknoloji, divètisman ak edikasyon. Senpozyòm ki gen tèm : “ Chèche jwenn fòs pou nou reziste kont Satan nan jou mechanste sa yo ” pral montre nou ki jan nou ka aplike konsèy enspire nou jwenn nan Efezyen 6:10-18 la pi byen toujou.

Gen yon rapò dirèk ant venk sa ki mal la nan rasin li ak preche mesaj Wayòm nan (Rev. 12:17). Se pa yon bagay ki etonan si Satan toujou ap ogmante atak li yo kont Temwen Jewova yo (Iza. 43:10, 12). Men Dyab la ap echwe yon fason lamantab paske nou detèmine pou nou “ kontinye venk mal la avèk byen ”. Fè tout aranjman ki nesesè pou w ka tire pwofi omaksimòm nan toule de jou asanble sikonskripsyon sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje