Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
Tèm jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2008 la se : “ Nou se ajil, Jewova se Potye nou ”. Li baze sou Izayi 64:8. Konsèy biblik nou pral jwenn nan pwogram sa a pral ogmante rekonesans nou pou sajès Jewova, jistis li, pisans li ak pou lanmou li genyen antanke Gran Potye.
Diskou siveyan sikonskripsyon an ki gen tèm “ Ann sèvi antanke veso onorab nan ministè a ”, pral montre jan gen yon kantite moun, kantite ki pa sispann ogmante, ki jwenn bèl opòtinite pou yo konnen laverite e pou yo pataje l ak pwochen yo. Diskou ki gen tit “ Lè nou fè meditasyon sa ap pwoteje nou ” an pral montre jan lè nou fè bonjan meditasyon sou prensip jis Jewova yo sa pwoteje nou. Oratè vizitè a pral devlope tèm sa yo pou oditwa a : “ Pinga nou konfòme nou selon sistèm de choz sa a ”, epi “ Se pou nou kite Gran Potye a modle nou ”. Ni paran ni timoun pral jwenn ankourajman nan diskou sa yo ki gen tit : “ Yon seri de jèn ki itil Jewova ”, “ Wòl enpòtan paran yo jwe nan modle pitit yo ”. Grasa yon seri demonstrasyon ak entèvyou, nou pral pran plezi pou nou tande e pou nou wè sa frè ak sè nou yo akonpli nan ministè a. Moun ki ta renmen batize pou yo montre yo vwe lavi yo bay Bondye dwe enfòme siveyan prezidan kongregasyon an osito posib. Sonje pote nimewo Toudegad y ap etidye nan semèn jounen asanble espesyal la.
Kèlkeswa sa Gran Potye a gen nan objektif li, li reyalize l. Men se nou menm k ap chwazi jan n ap reyaji devan fason l ap modle nou an. Avèk sajès, moun ki suiv modèl Jewova bay e ki kite li rafine yo, menm jan ak yon moso ajil sou wou yon potye, moun sa yo ka modle, yo ka poli e yo ka transfòme pou yo vin yon veso ki itil. Lè nou kowopere ak Jewova, nou mayifye souvrènte l e konsa n ap resevwa anpil benediksyon.