Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
Tèm jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2009 la se : “ Kontinye veye sou ministè w [...] pou w akonpli li ”. Li baze sou Kolosyen 4:17. Antanke kretyen, nou pran egzòtasyon sa a trèzoserye. Objektif nou se pou nou akonpli ministè nou fidèlman menm jan Jezi te fè sa (Jan 17:4). Apot Pòl te bay yon bèl egzanp tou nan domèn sa a. Li te detèmine pou l fini kous li nan ministè a. — Tra. 20:24.
Patisipasyon siveyan sikonskripsyon an pral fè a ap montre ki jan plizyè pwoklamatè rive venk difikilte yo rankontre nan ministè a. Diskou ki gen tèm : “ Pran swen sa w te plante a ” pral montre ki jan nou ka ede moun ki “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” yo (Tra. 13:48). Oratè vizitè a pral egzamine 2 Korentyen 6:1-10 vèsè pa vèsè, nan yon diskou ki gen tèm : “ Fason nou rekòmande tèt nou kòm minis Bondye ”. Nan aprèmidi, l ap fè yon lòt diskou ki gen tèm : “ Bay ministè w anpil valè ”. Se sèten ou pral jwenn ankourajman ni nan diskou ki gen tèm : “ Jèn kou granmoun pran plezi nan ministè a ”, ni nan sa ki gen tèm : “ Jèn ki akonpli ministè yo ”. Nan asanble k ap vini an, si gen moun ki ta renmen batize pou yo senbolize ve yo te fè bay Jewova, yo ta dwe fè siveyan prezidan kongregasyon an konn sa osito sa posib. Yon aspè enteresan nan tout asanble nou yo se rezime etid Toudegad la. Pa bliye mache ak Toudegad y ap egzamine nan semèn asanble a.
Pandan n ap veye pou nou akonpli ministè nou, n ap lite pou nou asire nou aktivite pa nou pa pran pye sou travay Jewova konfye nou an. Ankourajman n ap jwenn nan pwogram jounen asanble espesyal sa a, ankourajman ki baze sou Ekriti yo, ap ede nou rann nou kont ki sa nou dwe fè pou nou rete konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo e pou nou reflechi sou sa n ap akonpli nan ministè a, yon fason pou nou ka akonpli l nèt.