Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
Frè nou yo,
Nou kontan wè pwogrè travay la nan tèritwa peyi d Ayiti pandan ane sèvis 2007 la ! Nan mwa avril la, nou te atenn kat maksimòm nan kat domèn : 14 083 pwoklamatè, 1 188 pyonye pèmanan, 154 080 peryodik e 28 798 etid biblik. Se ak tout kè nou nou felisite tout moun pou gwo efò yo te fè.
Jou ki te 27 me a, siveyan zòn nan, frè Christopher Mavor, te bay yon diskou trè pwofon pou anviwon 18 000 frè ak sè ki te rasanble nan stad Sylvio Cator. Sa te vrèman touchan pou wè anpil nan frè ak sè sa yo ki te ret kanpe anba lapli a ap suiv pwogram nan pandan tout dezèdtan edmi pwogram aprèmidi a te dire a.
Pandan kanpay difizyon Nouvèl Wayòm no 37 la ki gen tit “ Lafen fo relijyon an toupre ”, yo te distribye plis pase 1 500 000 feyè nan tèritwa peyi d Ayiti. Apre premye semèn kanpay distribisyon an, anpil kongregasyon te gentan rele filyal la pou di yo pa gen Nouvèl Wayòm ankò. Yo t ap mande sa pou yo fè. Nou te oblije kòmande yon milyon Nouvèl Wayòm no 37 ankò e dat fen kanpay la te vin pwolonje pou 31 desanm.
Objektif kanpay sa yo se pou ede moun ki gen kè sensè yo pou yo aprann sa Labib anseye toutbonvre (Mat. 28:19, 20). Lè w ap preche, note tout enterè ou jwenn, epi retounen vizite moun yo avèk objektif pou w kòmanse yon etid biblik. Nou kontan n ap travay kòtakòt ansanm avèk nou nan aktivite enpòtan sa a, e nou tou pwofite voye lanmou kretyen nou pou nou.
Frè nou yo,
Filyal d Ayiti