Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
Chè Frè,
Lè n ap gade ane sèvis ki sot pase a, nan yon pakèt fason nou wè “ men Jewova ” te sou aktivite teyokratik nou yo ann Ayiti. Antanke pèp, nou santi pwoteksyon Jewova malgre n ap viv nan yon tan ki vrèman difisil, avèk ensekirite ki gen nan anpil zòn ansanm ak sitiyasyon ekonomik yo ki di. Diskou siveyan zòn nan te bay la ki te gen tèm : “ Pran kouraj ”, te trè ankourajan pou tèritwa pa nou an. Anpil nan kongregasyon pwoblèm sa yo plis touche te gen posiblite asiste reyinyon espesyal sa a ki te fèt 19 fevriye 2005, nan Sal asanble Santo a.
Nou kontinye wè akwasman nan etid biblik yo ki te franchi kap 24 000 plizyè fwa. Pandan ane a, nou te anrejistre yon bon valè nouvo pwoklamatè. Anpil kongregasyon, menm sa ki tou piti yo, te gen 10 nouvo pwoklamatè oubyen plis. Se avèk anpil enpasyans n ap tann rapò analiz la, pou nou verifye si nou te rive atenn objektif 1 300 nouvo pwoklamatè nou te fikse a. Pou ane sa a, te gen 59 372 moun ki te asiste Memoryal la. Se 4yèm pi gwo asistans nou anrejistre, sa ede nou konprann gen gwo travay ankò pou nou fè nan predikasyon.
Nou te kontan akeyi 6yèm klas lekòl fòmasyon ministeryèl la ki sot gradye 12 jen 2005. Nou deja gen anpil frè ki aplike pou pwochen klas la. Nou espere sa pap pran lontan pou kolèj santral la apwouve l. Anplis de sa, soti mwa desanm ane pase pou rive nan mwa avril nou te òganize 12 klas lekòl pyonye. E nan mwa jiyè yo te kòmanse avèk yon dezyèm seri k ap gen 19 klas. Nou resevwa anpil nòt kote pyonye ki te asiste lekòl la eksprime rekonesans yo pou sa.
De ekip konstriksyon yo te reyalize yon travay ki ekselan. Yo konstwi de nouvo Sal Wayòm nan Katye Moren ak nan Pòdepè, e yo repare de lòt Sal nan Limonad ak nan Gonayiv. Nan menm peryòd sa a, nan Pòdepè, yo fini ak konstriksyon premye kay misyonè a ann Ayiti. Apre siklòn Jàn te fin pase, sitou nan Gonayiv ak ozanviwon yo, te gen èd rapid rapid ki te òganize. Komite sekou yo te mande èd ekip konstriksyon yo. Ekip yo te travay avèk dilijans pou repare trant kay konsa epi yo te konstwi plizyè lòt kay pou sèten fanmi ki sinistre.
Nou vle eksprime rekonesans nou anvè tout frè ak tout sè ki te soutni moun siklòn ak inondasyon te frape nan peyi a, grasa kontribisyon yo ak tout lòt kalite èd yo te bay. Ala yon privilèj nou genyen dèske, antanke kretyen, nou fè pati yon fanmi frè ki gen lanmou konsa ! — 1 Pyè 2:17.
Tout travay sa yo nou akonpli avèk zèl pou fè enterè Wayòm nan avanse merite felisitasyon. Nou vrèman rekonesan pou ofrann jenere nou fè pou soutni travay mondyal la (Pwo. 3:9, 10). Nou swete pou Jewova kontinye beni efò nou fè nan tèt ansanm pou nou “ sèvi pou louwanj glwa li ” — Efe. 1:12.
Frè nou yo,
Filyal d’Ayiti