Annou suiv egzanp Jezi
1. Ki egzanp Jezi kite pou nou ?
1 Lè n ap patisipe nan travay fè disip la, nou dwe toujou sonje egzanp nou kapab gen yon kokennchenn enfliyans sou moun k ap obsève nou. Jezi te konn anseye pa mwayen pawòl li e pa mwayen aksyon l. Moun ki te konn obsève l te ka wè zèl li te genyen, lanmou li gen pou moun, dezi li te genyen pou l sangtifye non Papa l, ak detèminasyon li te genyen pou l akonpli volonte Papa l. — 1 Pyè 2:21.
2. Ki fason egzanp nou kapab enfliyanse moun k ap preche ansanm avèk nou nan ministè a ?
2 Lè n ap preche kay an kay : Menm jan ak Jezi, egzanp nou gen yon enfliyans sou moun k ap preche ansanm avèk nou. Lè pwoklamatè ki nouvo oswa ki gen mwens eksperyans pase nou wè jan nou patisipe nan ministè a avèk zèl, sa ap pouse yo pou yo reflechi sou fason yo patisipe nan travay predikasyon an. Lè yo wè jan nou jwaye e jan nou enterese nan lòt moun, sa ap fè yo sonje enpòtans sa genyen pou yo demontre kalite sa yo nan ministè a. Lè yo remake jan nou chofe pou nou itilize vèsè biblik yo, pou nou retounen vizite moun nou te pale avèk yo e pou n al fè etid nou genyen yo, sa ap pouse yo pou yo fè menm jan an.
3. Ki jan egzanp nou kapab enstwi etidyan nou yo, e ki sa li kapab aprann yo ?
3 Lè n ap kondui etid biblik : Moun n ap etidye Labib avèk yo pap manke pa obsève konduit nou. Pa egzanp, byenke nou kapab esplike yo enpòtans pou yo prepare etid la, pou yo li vèsè yo, e pou yo souliye pwen kle yo, y ap remake si nou menm nou prepare (Wom. 2:21). Si nou toujou la alè pou nou fè etid la, etidyan yo ap fè plis efò pou yo pa kite anyen pran pye sou etid la. Pa gen dout, y ap remake espri sakrifis nou demontre nan ministè a ak lafwa solid nou manifeste. Se pa etonan si etidyan moun ki suiv egzanp Jezi deprè yo, yo menm tou yo vin zele e yo pwodui fwi nan ministè yo.
4. Lè n ap asiste reyinyon yo, ki sa nou ka anseye atravè egzanp nou ?
4 Nan reyinyon yo : Tout moun ki nan yon kongregasyon kapab anseye atravè egzanp yo bay nan reyinyon yo. Yon moun ki enterese ki kòmanse vin nan reyinyon tire pwofi nan bèl egzanp li obsève nan kongregasyon an. L ap remake bèl relasyon fratènèl ak inite ki gen nan mitan nou, e l ap remake nou se moun ki abiye ak modesti (Sòm 133:1). L ap remake tou nou toujou la nan reyinyon yo e ladan yo nou fè deklarasyon piblik pou lafwa nou. Gen yon vizitè yon lè ki t al nan yon reyinyon, li te remake ki jan yon tifi te jwenn yon vèsè byen rapid nan bib li e ki jan li t ap suiv lekti vèsè a avèk atansyon. Egzanp tifi a te pouse l mande yon etid biblik.
5. Poukisa nou pa dwe janm souzestime enpòtans egzanp nou genyen ?
5 Ekriti yo ankouraje nou pou youn imite egzanp pozitif lòt (Fil. 3:17 ; Ebre 13:7). Se poutèt sa, nou dwe sonje si nou suiv egzanp Jezi deprè, lòt moun ap remake sa, e sa kapab gen yon bon enfliyans sou yo. Piske nou konprann sa, se pou nou toujou sonje pawòl nou jwenn nan 1 Timote 4:16 la ki di : “ Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. ”