Se pou nou toujou zele nan ministè a
1 Depi 1992, chak ane, Temwen Jewova yo pase plis pase yon milya èdtan nan travay preche Wayòm nan ak travay fè disip la. Yo fè travay sa a sou tout tè a e yo fè l avèk zèl. Ala kontan nou kontan dèske nou te bay ti patisipasyon pa nou nan reyalizasyon kokenn travay sa a ! — Mat. 28:19, 20.
2 Pa gen dout nan sa, se Jewova nou dwe remèsye e se li nou dwe bay tout onè paske se li ki soutni nou nan ministè a nan ‘ tan kritik ’ sa yo (2 Tim. 3:1). Men, ki sa nou menm nou dwe fè pou nou ka toujou kontinye patisipe nan travay enpòtan sa a avèk zèl ?
3 Rezon ki fè nou zele : Lanmou pwofon nou genyen pou Bondye ak pou pwochen nou ansanm ak dezi sensè nou genyen pou nou viv ann amoni ak ve nou te fè a, se sa ki motive nou nan sèvis Wayòm nan (Mat. 22:37-39 ; 1 Jan 5:3). Lanmou pouse nou fè sakrifis yon fason pou nou ka patisipe ak tout nou menm nan travay predikasyon an. — Lik 9:23.
4 Annou fè efò pou nou toujou zele : Advèsè nou an, Dyab la, ap fè tout sa l kapab pou l diminye zèl nou nan ministè a. Endiferans moun yo nan tèritwa a, distraksyon ki gen nan monn nan, presyon lavi a, pwoblèm sante se sèlman kèk nan bagay Satan itilize pou l diminye zèl nou nan ministè a.
5 Se sa k fè nou dwe fè anpil efò pou nou toujou rete aktif. Li enpòtan pou nou kontinye kiltive ‘ lanmou nou te genyen okòmansman an ’. Sa mande pou nou li Labib, Pawòl Bondye a, regilyèman e pou nou medite sou li. Nou dwe tire pwofi nan tout dispozisyon Jewova pran pou l fòtifye nou espirityèlman pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. — Rev. 2:4 ; Mat. 24:45 ; Sòm 119:97.
6 Jan pwofesi ki nan Bib la montre sa, jou Jewova ap pwoche rapidman (2 Pyè 2:3 ; 3:10). Toutpandan nou kenbe sa nan lespri nou, annou kontinye fè tout sa nou kapab pou nou toujou zele nan ministè a, pou nou patisipe ak tout nou menm nan travay preche Wayòm nan ak nan travay fè disip la, yon travay k ap fèt kounye a sou tout tè a !