BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/09 p. 2
  • “Se pou nou chofe grasa lespri a”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Se pou nou chofe grasa lespri a”
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Se pou nou toujou zele nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Pandan epòk Memoryal la, èske w ap imite zèl Jewova ak Jezi demontre?
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Èske n ‘zele pou n fè bèl travay’?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Èske w suiv Kris ak tout kè w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 11/09 p. 2

“Se pou nou chofe grasa lespri a”

1. Ki kalite nou ta dwe toujou demontre nan travay predikasyon an?

1 Antanke kretyen, nou pa dwe sispann pwogrese nan okenn aspè nan sèvis n ap bay Jewova. Okontrè, men ankourajman nou jwenn: “Se pou nou chofe grasa lespri a. Se pou nou travay tankou esklav pou Jewova.” ​(Wom. 12:11). Sepandan, gen anpil bagay ki ka diminye zèl nou nan ministè a. Ki sa nou ka fè pou nou “reprann” zèl nou ak antouzyas nou nan sèvis Wayòm nan? —2 Tim. 1:6, 7.

2. Ki rapò ki genyen ant etid pèsonèl ak yon ministè ki zele?

2 Fè etid pèsonèl: Yon moun ki efikas nan travay l ap fè pou l preche mesaj Wayòm nan se yon moun ki renmen lwa Bondye e verite ki ladan l yo touche l nan fon kè l (Sòm 119:97). Lè nou dekouvri trezò ki nan Bib la pandan n ap fè etid pèsonèl, sa motive kè nou e sa fè nou vin gen plis zèl. Lanmou nou gen pou Moun ki ban nou verite sa yo ak dezi nou genyen pou nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun pouse nou pou nou fè louwanj pou Bondye e pou nou fè konnen non l (Ebre 13:15). Li klè, lè nou preche bon nouvèl la toutbon, sa montre kokenn apresyasyon nou genyen pou valè l genyen.

3. Ki fason lespri sen Bondye ka gen enfliyans sou ministè nou?

3 Priye pou nou resevwa lespri sen Bondye: Se pa ak pwòp fòs nou n ap rive akonpli yon ministè ki bay bon rezilta. Pou nou gen vrè zèl la, nou bezwen kite lespri sen Bondye sikile libe libè nan nou (1 Pyè 4:11). Si nou pwoche pi pre Moun ki Sous “enèji dinamik” lan, sa ap ban nou fòs espirityèl nou bezwen pou nou bay temwayaj avèk kran (Iza. 40:26, 29-31). Lè apot Pòl te rankontre difikilte nan ministè a, li “te jwenn èd nan men Bondye”. (Tra. 26:21, 22.) Lespri sen Jewova ki se yon fòs ki revigoure moun, ka ede nou pou nou vin chofe nan ministè a. Se poutèt sa nou dwe priye pou nou resevwa l. —Lik 11:9-13.

4. Lè nou zele, ki bon rezilta sa ap fè nou jwenn, toutfwa, ki prekosyon nou bezwen pran?

4 Lè nou zele pou nou preche mesaj Wayòm nan, byen souvan, sa fè kretyen parèy nou yo vin gen plis zèl (2 Kor. 9:2). Moun yo nan tèritwa a ap pi fasil koute mesaj la lè nou prezante l avèk antouzyas e avèk konviksyon. Sepandan, zèl nou genyen an dwe toujou makònen avèk tak e avèk dousè (Tit 3:2). Nou dwe toujou chèche onore moun nou rankontre yo e nou dwe respekte libète yo genyen pou yo chwazi.

5. Ki konsèy enspire nou dwe fè efò pou nou aplike?

5 Antanke pwoklamatè Wayòm nan, se pou nou “toujou chofe grasa lespri a”. Se pou nou fè etid pèsonèl e se pou nou toujou priye Jewova ak tout kè nou, li menm ki ka ban nou fòs dinamik li an, sètadi lespri sen, e sa ap fè nou vin zele. Konsa, n ap ka akonpli ministè nou avèk zèl, “avèk lespri sen e avèk fèm konviksyon”! —1 Tes. 1:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje