Pandan epòk Memoryal la, èske w ap imite zèl Jewova ak Jezi demontre?
1. Ki efò espesyal Temwen Jewova yo fè pandan epòk Memoryal la?
1 Jewova akonpli objektif li avèk zèl. Konsènan kèk nan benediksyon Wayòm Bondye a pral bay, men sa Izayi 9:7 di: “Se zèl Jewova Chèf lame yo menm k ap fè sa.” Menm jan an tou, Pitit Bondye a te montre li gen anpil zèl pou vrè adorasyon an pandan ministè l sou tè a (Jan 2:13-17; 4:34). Chak ane, pandan epòk Memoryal la, plizyè milyon pwoklamatè k ap viv toupatou nan monn nan fè yon efò espesyal pou yo imite zèl Jewova ak Jezi demontre lè yo ogmante aktivite yo nan ministè a. Èske w ap pami moun sa yo?
2. Si nou zele, ki sa sa ap pouse nou fè apati 7 mas?
2 Kanpay pou n envite moun nan Memoryal la: Ane sa a, kanpay pou n envite moun nan Memoryal la ap kòmanse samdi 7 mas. Depi kounye a, fè planifikasyon pou n ka patisipe nan ministè a avèk zèl. Kongregasyon yo ap chofe anpil pandan y ap fè efò pou yo kouvri tout tèritwa yo otank posib. Annou tout fè efò pou n envite etidyan nou yo, moun n al vizite yo, ansyen etidyan nou yo, kolèg travay nou, fanmi nou, kamarad lekòl nou ak lòt moun nou konnen, lè nou ba yo yon fich envitasyon oubyen lè nou itilize sit Entènèt jw.org la.
3. Ki jan nou ka fè plis nan ministè a pandan mwa mas ak mwa avril la?
3 Pyonye oksilyè: Si nou zele, sa ap pouse nou fè plis nan ministè a tou. Pa gen dout, anpil moun ap ka pyonye oksilyè pandan mwa mas ak mwa avril la piske y ap gen posiblite pou yo chwazi bay 30 è. Nan adorasyon an fanmi an oubyen nan etid pèsonèl nou, egzamine sa nou ka fè pou n pran sèvis pyonye, epi fè sa nan lapriyè (Pwo. 15:22). Lè nou zele pou nou patisipe nan kanpay la, sa ka pouse lòt moun pou yo vin gen yon aktivite ki zele tou. Si w fè chanjman nan pwogram pèsonèl ou pou w ka fè plis nan ministè a, w ap imite zèl Jezi te demontre. — Mak 6:31-34.
4. Ki benediksyon n ap jwenn lè nou imite zèl Jewova ak Jezi demontre?
4 Pandan epòk Memoryal la, si nou imite zèl Jewova ak Jezi demontre, sa ap pote anpil benediksyon pou nou. Ap gen plis moun nan tèritwa a ki resevwa yon temwayaj. N ap jwenn lajwa ak satisfaksyon lefètke n ap sèvi Jewova epi n ap bay lòt moun (Travay 20:35). Sa k pi enpòtan an, n ap fè Bondye ak Pitit li a ki zele kontan.