BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/08 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou nou sèvi ak liv “ Lanmou Bondye ” a pou nou kondui etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Liv Sa Labib anseye a : prensipal liv pou nou fè etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Ede lòt moun pou yo obeyi sa Labib anseye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 1/08 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Ki piblikasyon nou ta dwe etidye ak moun ki enterese yo ?

Prensipal zouti nou itilize pou nou kondui etid biblik ak moun yo lakay yo se liv Sa Labib anseye a. Byenke pa gen okenn pwoblèm si nou itilize yon lòt piblikasyon, tankou yon feyè, pou nou kòmanse yon etid biblik, osito sa posib, nou ta dwe vire etid la nan liv Sa Labib anseye a. Gen anpil frè ak sè ki jwenn bon rezilta lefètke yo itilize liv sa a pou yo kòmanse etid biblik.

Yonfwa nou fin etidye liv Sa Labib anseye a ak moun nan e nou wè l ap fè pwogrè, nou ta dwe etidye liv Adore sèl vrè Dye a avè l (Kol. 2:7). Nan paj 2 liv sa a, yo esplike objektif li : “ Bib la ankouraje tout moun ki renmen Bondye pou yo chèche ‘ konprann totalman wotè ak pwofondè ’ verite ki gen anpil valè ki gen ladan l yo (Efezyen 3:18). Se pou sa menm yo prepare liv sa a. Nou espere l ap ede w pwogrese espirityèlman e l ap ede w pi byen ekipe pou w mache nan chemen etwat ki mennen nan lavi nan monn nouvo jis Bondye a. ”

Si etidyan an ranpli tout kondisyon pou batèm anvan li fin etidye toule de liv yo, etid la ta dwe kontinye jiskaske li fini dezyèm liv la. Menmsi etidyan an batize, moun k ap kondui etid la kapab konte lè a, vizit la, ak etid la. Si yon pwoklamatè akonpaye kondiktè a e si li patisipe nan etid la, li kapab konte lè a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje