Fason pou nou sèvi ak liv “ Lanmou Bondye ” a pou nou kondui etid biblik
1. Nan ki objektif yo fè liv “ Lanmou Bondye ” a ?
1 Se pa ti kontan nou te kontan resevwa liv “ Rete nan lanmou Bondye ” a, nan kongrè distri “ Se lespri Bondye k ap gide nou ” an ! Jan yo te anonse sa nan asanble a, yo fè liv sa a pou ede nou konnen prensip Jewova bay nan domèn konduit e pou nou vin pi renmen prensip sa yo. Men yo pa fè l pou nou anseye doktrin biblik de baz yo. Se sa k fè nou pap ofri liv sa a lè n ap preche kay an kay.
2. Ki jan pou nou sèvi ak nouvo liv la, e ak kiyès nou dwe etidye l ?
2 Nou pral sèvi ak liv sa a kòm dezyèm liv pou nou etidye ak moun yo apre nou fin etidye liv Sa Labib anseye a ak yo. Nou dwe sonje tout moun pa pwogrese ak menm vitès nan domèn espirityèl. Kidonk, nou dwe kondui chak etid selon vitès ki bon pou etidyan an. Nou dwe asire nou etidyan an byen konprann pòsyon nou egzamine avè l la. An jeneral, nou pap itilize liv sa a pou nou kòmanse etid biblik ak moun ki te deja etidye plizyè liv, men ki pa asiste reyinyon kongregasyon an e ki montre aklè yo pa enterese pou yo konfòme vi yo ak verite Bib la anseye yo.
3. Ki sa nou dwe fè si n ap kondui yon etid biblik nan liv Adore Dye a ?
3 Si w ap etidye liv Adore Dye a ak yon moun e ou rive nan youn nan dènye chapit yo, ou ka deside fini liv la e ou ka ankouraje etidyan an li liv “ Lanmou Bondye ” a poukont li. Si se pa sa, l ap pi bon pou w pase nan liv “ Lanmou Bondye ” a e pou w kòmanse depi nan premye chapit la. Menm jan ou te fè pou liv “ Sa Labib anseye ” a, se ou menm k ap deside si wi ou non w ap egzamine enfòmasyon ki nan apendis la ansanm ak etidyan an.
4. Ki sa nou dwe fè si nou gen yon etidyan ki batize san l poko fini liv Sa Labib anseye a ak liv “ Lanmou Bondye ” a ?
4 Si yon etidyan batize anvan li fini toule de liv yo, apre li fin batize, li dwe kontinye etid la jiskaske li fini liv “ Lanmou Bondye ” a. Menm lè etidyan an batize, chak fwa ou fè etid la, ou ka konte lè a, vizit la ak etid la. Si gen yon lòt pwoklamatè ki akonpaye w nan etid la, li menm tou li ka konte lè a.
5. Ki jan nou ka sèvi ak liv “ Lanmou Bondye ” a pou nou ede pwoklamatè ki gen kèk tan depi yo pa patisipe nan ministè a ?
5 Si komite sèvis la chwazi w pou w kondui yon etid biblik ak yon moun ki inaktif nan travay predikasyon an, ou ka mande pou w egzamine kèk chapit byen presi ak moun nan nan liv “ Lanmou Bondye ” a. Jan de etid sa yo pa ta dwe fèt pandan yon peryòd ki twò long. Ala yon bèl dispozisyon yo pran pou nou gen nouvo liv sa a ki fèt pou ede nou rete “ nan lanmou Bondye ” ! — Jid 21.