Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki vin asiste Memoryal la ?
1. Ki kokenn temwayaj anpil moun pral resevwa jou 22 mas 2008 la ?
1 Jou 22 mas 2008 la, gen plizyè milyon moun ki pral resevwa yon kokenn temwayaj tout kote sou tè a. Moun ki asiste Memoryal la pral tande pale de lanmou estrawòdinè Jewova genyen ki te pouse l bay yon ranson pou limanite (Jan 3:16). Yo pral tande pale de Wayòm nan e yo pral aprann ki jan Jewova pral sèvi avè l pou l akonpli volonte l sou tout tè a (Mat. 6:9, 10). Yo pral wè ak je yo lanmou ak inite nou genyen nan mitan nou e yo pral wè jan nou akeyi moun avèk ospitalite. — Sòm 133:1.
2. Ki jan nou kapab ede etidyan ki vin asiste Memoryal la ?
2 Etidyan Labib yo : Pami moun k ap nan oditwa a, ap gen moun nou fèk kòmanse etidye Labib ak yo. Li ta bon pou nou fè yo fè konesans ak frè ak sè yo. Pale yo de reyinyon nou fè chak semèn yo epi fè yo vizite Sal Wayòm nan. Nan diskou oratè a ap bay la, li pral ankouraje etidyan yo pou yo kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl. Nou kapab sèvi ak pawòl sa yo pou nou ankouraje etidyan nou yo.
3. Ki sa nou ka fè pou nou ankouraje pwoklamatè inaktif ki vin nan Memoryal la ?
3 Pwoklamatè ki inaktif yo : Pami moun k ap vin asiste Memoryal la, ap gen pwoklamatè ki inaktif. Se pou nou pran inisyativ pou nou byen akeyi yo. Nou dwe evite poze yo kesyon sou rezon ki fè yo vin inaktif e nou dwe evite di bagay ki ka anbarase yo. Ansyen yo pa dwe pran tan pou yo vizite tout pwoklamatè inaktif ki vin asiste Memoryal la, pou yo felisite yo pou efò yo fè pou yo vin nan Memoryal la, e yo dwe envite yo avèk antouzyas pou yo vin asiste pwochen reyinyon kongregasyon an.
4. Ki jan nou chak nou ka ede envite nou yo ?
4 Envite yo : Pami moun k ap vin nan Memoryal la, petèt ap gen moun nou rekonèt oswa manm fanmi nou nou te envite. Petèt ap gen lòt moun ki te resevwa yon envitasyon pandan kanpay espesyal la. Si gen moun nou pa rekonèt, pran inisyativ pou nou fè konesans ak yo e pou nou byen akeyi yo. Petèt se premye fwa yo vin asiste yon reyinyon. Nan konvèsasyon nou genyen ak yo, chèche jwenn yon mwayen pou nou kontakte yo apre. Si nou vizite yo oswa nou telefone yo kèk jou apre Memoryal la, nou ka ankouraje yo pou yo aprann konnen Jewova plis toujou e nou ka ofri yo yon etid biblik.
5. Ki sa nou ka di pou nou kòmanse yon etid biblik ?
5 Nou kapab sèvi ak enfòmasyon ki nan diskou Memoryal la kòm baz pou nou kòmanse yon etid biblik nan liv Sa Labib anseye a, lè nou retounen al vizite moun yo. Pa egzanp, oratè ki bay diskou Memoryal la ap li Izayi 65:21-23. Lè nou retounen al vizite moun nan, nou ka fè yon ti rapèl sou sa oratè a te di nan diskou a, epi nou ka di l : “ Kite m montre w lòt benediksyon ranson an ap pèmèt nou jwenn. ” Ansuit, n ap egzamine paj 4 e 5 liv Sa Labib anseye a avè l. Oubyen nou ka di l : “ Anpil moun ap mande ki lè nou pral wè reyalizasyon pwofesi nou jwenn nan liv Izayi a. ” Ansuit, n ap egzamine paragraf 1-3 ki nan chapit 9 la avè l. Nou ka annik pale de sa oratè a te di nan diskou Memoryal la, epi montre moun nan kòman yon etid biblik nan liv Sa Labib anseye a fèt.
6. Ki okazyon nou genyen pandan n ap obeyi lòd Jezi ban nou pou nou komemore lanmò l ?
6 Se pou nou chak chèche okazyon pou nou ede moun k ap etidye Labib ak nou yo, pwoklamatè ki inaktif yo e moun nou envite ki vin asiste Memoryal la (Lik 22:19). Jewova pap manke pa beni efò nou fè pou nou ogmante patisipasyon nou nan sèvis n ap ba li a.