Byen akeyi yo!
1. Ki okazyon ki ban nou yon bèl posiblite pou n bay temwayaj, e poukisa?
1 Pa gen okenn okazyon ki ban nou pi bon posiblite pou n bay moun temwayaj pase Memoryal la nou selebre chak ane. Fè yon ti reflechi: Ane sa a, n ap tann plis pase dimilyon vizitè nan Memoryal la e yo pral tande oratè a ki pral pale sou de pi gwo prèv lanmou ki egziste, lanmou ki parèt aklè grasa ranson an (Jan 3:16; 15:13). Yo pral aprann benediksyon yo ka jwenn grasa kado sa a Jewova ban nou an (Iza. 65:21-23). Sepandan, se pa oratè a sèlman ki pral bay temwayaj nan okazyon sa a. Tout moun nan asistans lan ap gen posiblite pou yo bay yon kokenn temwayaj lè yo byen akeyi vizitè ki vin nan Memoryal la. — Wom. 15:7.
2. Ki sa nou ka fè pou n byen akeyi vizitè yo?
2 Olye nou annik chèche yon plas pou n chita epi nou rete an silans pou n tann pwogram nan kòmanse, poukisa nou pa pran inisyativ pou n fè konesans ak moun ki chita toupre nou yo? Vizitè yo ka jennen, yo ka pa konnen sa k pral genyen nan pwogram nan. Lè nou souri ba yo epi nou salye yo yon fason amikal sa ap vrèman mete yo alèz. Pou nou ka konnen si se yon envitasyon moun nan te jwenn ki fè l vini, nou ka mande l si se premye fwa li vin nan yon reyinyon nou òganize oubyen si gen yon moun nan kongregasyon an li konnen. Petèt ou ka envite l chita bò kote w e li ka suiv nan Bib la ak nan kantik la ansanm avè w. Si se nan yon Sal Wayòm y ap fè Memoryal la, petèt ou ta ka fè yon vizit tou kout avè l. Apre diskou a, mande l si l gen kesyon epi ofri tèt ou pou w reponn kesyon li genyen. Si kongregasyon w lan dwe kite lokal la byen vit paske gen yon lòt kongregasyon ki pral itilize l, ou ka di moun nan: “Mwen ta renmen konnen sa w panse de pwogram nan. Èske gen yon mwayen pou m kontakte w?” Apre sa pran randevou avè l pou w pousuiv enterè li demontre a. Ansyen yo sitou ap veye pou yo ankouraje pwoklamatè inaktif ki vin asiste Memoryal la.
3. Poukisa li enpòtan pou nou pran inisyativ pou nou byen akeyi vizitè ki vin nan Memoryal la?
3 Pou anpil vizitè, se premye fwa yo wè lajwa, lapè ak inite nou genyen nan paradi espirityèl la antanke pèp Jewova (Sòm 29:11; Iza. 11:6-9; 65:13, 14). Ki enpresyon vizitè yo ap genyen lè yo fin asiste Memoryal la? Sa ap depann anpil de inisyativ nou pran pou nou byen akeyi yo.