BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/09 p. 1
  • Se pou nou byen prepare nou pou Memoryal la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou byen prepare nou pou Memoryal la
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Rapèl pou Memoryal la
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Rapèl pou Memoryal la
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Rapèl pou Memoryal la
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Rapèl pou Memoryal la
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 3/09 p. 1

Se pou nou byen prepare nou pou Memoryal la

Ala yon kokenn jwa kretyen yo genyen pou yo byen prepare yo pou yo selebre lanmò Jezi Kris ! Yo konsidere sa kòm yon privilèj (Lik 22:19). Ki bagay pratik nou ka fè pou nou prepare nou pou Memoryal la ?

◼ Ki kote e a ki lè : Tout moun dwe konnen egzakteman ki kote e a ki lè Memoryal la ap fèt. Lè gen plis pase yon kongregasyon ki prevwa itilize menm Sal Wayòm nan, li enpòtan pou moun nan kongregasyon sa yo rive alè, pou yo kite Sal la nan lòd piske tan ki genyen ant de rasanbleman yo pa anpil. Nou dwe fè efò pou nou pa kreye ankonbreman nan Sal la, sou twotwa a ak nan pakin nan.

◼ Envitasyon : Èske tout pwoklamatè yo gen kantite fich envitasyon pa yo ? Èske yo byen konnen sa k ladan l ? Èske w fè repetisyon sou fason w pral prezante fich envitasyon an ? Kiyès w ap bay fich envitasyon ? Nou ta dwe fè efò pou nou bay tout fich envitasyon yo.

◼ Transpò : Gen kèk moun ki enterese ansanm ak plizyè lòt frè ak sè ki ka bezwen transpò oswa lòt kalite èd ankò. Ki aranjman nou fè pou nou ede yo ?

◼ Anblèm : Nou dwe asire nou anblèm yo pap pase anvan solèy la kouche. Si gen yon kretyen wen ki enfim e ki pa ka prezan, yo dwe fè aranjman pou l jwenn anblèm yo. Yo dwe fè aranjman pou gen pen ak diven ki apwopriye, epi yo dwe mete yo sou lamen. — Gade nan Toudegad 1ye mas 2003, paj 10, paragraf 14.

◼ Sal Wayòm nan : Sal la ta dwe byen netwaye davans. Pote asyèt, vè, tab ak nap ki konvnab nan lokal la alavans, epi tou ranje yo. Si se pa nan Sal Wayòm nan n ap fè Memoryal la, nou ta dwe asire nou gen yon bon sistèm sonorizasyon kote l ap fèt la, dekwa pou tout moun nan asistans lan ka tande oratè a. Chwazi manm sèvis akèy yo ak moun k ap pase anblèm yo, fè yo konnen responsablite yo alavans. Esplike yo fason tout bagay ap fèt e montre yo nesesite pou yo byen abiye e pou yo gen yon aparans ki diy.

Nan okazyon trèzenpòtan sa a, anpalan de Memoryal lanmò Jezi Kris la, n ap fè tout sa nou kapab pou nou byen prepare nou pèsonèlman e antanke kongregasyon. Nou sèten Jewova ap vide benediksyon sou tout moun ki demontre yon rekonesans sensè pou tout sa li fè pou limanite grasa sakrifis Pitit li renmen anpil la, Jezi Kris.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje