Ki jan pou nou prepare reyinyon sèvis la?
1. Nan ki objektif yo fè reyinyon sèvis la, e ki jan nou ka tire pwofi ladan l omaksimòm?
1 Yo fè reyinyon sèvis la nan objektif pou ede nou vin pi efikas nan ministè a. Prensipal sijè yo trete nan reyinyon sèvis la gen rapò ak predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a, travay fè disip la ak pwoklamasyon jijman Jewova pral egzekite talè konsa a (Mat. 28:20; Mak 13:10; 2 Pyè 3:7). N ap tire plis pwofi nan reyinyon enpòtan sa a si nou byen prepare e si nou toujou prè pou nou patisipe ladan l.
2. Ki sa nou ka fè pou nou prepare nou pou nou koute diskou ki fèt nan reyinyon sèvis la?
2 Diskou: Jeneralman, yo tou bay piblikasyon diskou yo baze sou yo a nan enstriksyon pou oratè a. Ou ka egzamine sijè diskou a baze sou li a, ou ka li vèsè yo site yo, e ou ka reflechi sou fason w ka aplike enfòmasyon ki nan sijè a nan ministè w.
3. Ki sa nou ka fè pou nou prepare patisipasyon ki rele “diskou avèk patisipasyon oditwa a”?
3 Patisipasyon ak kesyon/repons: Yo fè patisipasyon sa a prèske menm jan ak etid Toudegad la, yo fè yon entwodiksyon tou kout ak yon konklizyon tou kout. Souliye pwen kle yo nan chak paragraf, epi prepare w pou w bay bonjan kòmantè ki kout e ki mete aksan sou pwen enpòtan yo.
4. Ki jan nou ka prepare patisipasyon ki rele konvèsasyon ak oditwa a?
4 Konvèsasyon ak oditwa a: Yo fè patisipasyon sa a sou fòm diskou, men oratè a ap mande moun nan oditwa a pou yo patisipe tou. Si w souliye pwen kle yo e ou li vèsè yo site yo, w ap anmezi pou w fè kòmantè sou kesyon oratè a ap poze yo. Frè k ap fè patisipasyon sa a ap fè tout efò l pou l fè oditwa a pale sou pwen prensipal yo.
5. Ki sa k ap ede nou tire pwofi omaksimòm nan demonstrasyon yo?
5 Demonstrasyon: Gen kèk patisipasyon k ap gen demonstrasyon pratik ladan yo, demonstrasyon pou montre ki jan nou ka aplike enfòmasyon y ap egzamine a nan tèritwa a. Y ap mande swa ansyen, swa pwoklamatè ki gen eksperyans, swa pyonye, pou yo fè demonstrasyon sa yo. Lè w ap prepare patisipasyon sa a, sa ka mande pou w imajine ki jan yo pral prezante sijè a. Lè y ap fè demonstrasyon sou prezantasyon yo bay kòm modèl yo, reflechi sou fason w ka fè prezantasyon sa yo nan pwòp mo pa w e sou fason w ka adapte yo nan diferan sitiyasyon. Asire w ou gen peryodik oswa lòt piblikasyon yo pral itilize nan demonstrasyon an. Petèt ou ka twouve li pratik pou w repete prezantasyon sa yo nan Adorasyon familyal w ap fè lakay ou.
6. Site kèk rezon ki fè nou dwe prepare reyinyon sèvis la.
6 Reyinyon sèvis la pi enteresan lè nou prepare l e lè nou eseye imajine bonjan enstriksyon nou pral jwenn ladan l. Lè nou fè sa, youn ap ankouraje lòt plis toujou (Wom. 1:11, 12). Si nou pran tan pou nou prepare reyinyon sèvis la, n ap pi byen ekipe pou nou akonpli misyon nou an.—2 Tim. 3:17.