Enstriksyon pou moun ki gen patisipasyon nan reyinyon sèvis la
Apati Ministè Wayòm sa a, yo senplifye kèk ekspresyon yo konn itilize nan pwogram reyinyon sèvis la. Enstriksyon ak rapèl ki vin apre yo, se yon mizajou yo fè nan sa yo te di nan atik ki te gen tit: “Ki jan pou nou prepare reyinyon sèvis la.” Yo pral fè kèk pwen yo te pale nan atik sa a vin pi klè tou. Atik sa a te parèt nan Ministè Wayòm me 2009.
◼ Diskou: Patisipasyon sa a se yon diskou ki baze sou piblikasyon yo bay kòm referans lan. Oditwa a pap patisipe ladan l. Frè k ap fè diskou a dwe konsantre sou pwen k ap pi itil kongregasyon an.
◼ Kesyon ak repons: Patisipasyon sa a tankou yon etid Toudegad. Frè k ap fè l la ap fè yon entwodiksyon tou kout ak yon konklizyon tou kout. L ap poze tout kesyon ki sou paragraf yo. Li dwe evite pale twòp. Si gen tan pou sa, l ap li vèsè kle yo. Li pap fè li paragraf yo, sof si gen yon enstriksyon kote yo mande l pou l fè sa.
◼ Konvèsasyon: Patisipasyon sa a se yon diskou, men gen kèk kote frè a ap fè oditwa a patisipe. Se pa yon diskou pou l annik fè ni se pa yon patisipasyon kesyon ak repons sèlman.
◼ Demonstrasyon ak entèvyou: Lè yo bay enstriksyon sa a: fè demonstrasyon, sa vle di frè ki gen patisipasyon an gen responsablite pou l fè aranjman pou yo fè yon demonstrasyon. Se pa li menm pèsonèlman ki oblije fè demonstrasyon an. Lè l chwazi lòt pwoklamatè pou fè l, pwoklamatè yo dwe gen kapasite pou yo fè pwen y ap egzamine a parèt byen klè e yo dwe moun ki bay bon egzanp. Li dwe fè aranjman avèk yo byen alavans. Li pi bon pou l pa chwazi nouvo pwoklamatè oubyen pwoklamatè ki pa gen eksperyans pou l bay fè demonstrasyon an senpleman paske li ta renmen ba yo posiblite pou yo monte sou estrad la. Sepandan, li ka chwazi ladan yo pou yo jwe wòl mèt kay la. Pwoklamatè k ap fè demonstrasyon yo dwe veye pou yo bay oditwa a fas yo. Moun yo chwazi pou fè entèvyou yo dwe monte sou estrad la pou yo pale, yo pa dwe ret chita nan plas yo. Yo dwe fè repetisyon ni pou demonstrasyon yo ni pou entèvyou yo. Si reyinyon an ap depase lè a, e frè k ap fè patisipasyon an dwe redui sou kantite lè pa l la, li dwe evite anile demonstrasyon yo oubyen entèvyou yo. Asistan ministeryèl yo dwe pale ak kowòdonatè kolèj ansyen an oubyen ak yon lòt ansyen anvan yo chwazi moun pou yo bay fè yon demonstrasyon oubyen yon entèvyou.
Si yon patisipasyon gen enstriksyon espesyal ladan l, yo dwe byen suiv enstriksyon sa yo. Si frè yo fè divès pati nan reyinyon sèvis la jan nou sot wè sa pi wo a, y ap kontribye pou Reyinyon sèvis yo “fèt yon fason ki konvnab e nan lòd.” —1 Kor. 14:40.