Repons kesyon w yo
◼ Ki jan nou ka fè pou nou byen kwonometre lè reyinyon kongregasyon an ?
Tan an pase vit lè n ap pale sou yon bagay ki enteresan ak zanmi nou. Se rezon sa a ki fè li kapab parèt difisil pou nou fè patisipasyon nou genyen nan reyinyon yo nan tan yo ba nou an. Ki sa ki kapab ede nou ?
Kòmanse alè. Jou se reyinyon tout kongregasyon an, li bon pou nou envite oditwa a pran plas li youn ou de minit anvan reyinyon an kòmanse. Konsa, reyinyon an kapab kòmanse alè yon fason ki òdone (Ekl. 3:1). Reyinyon gwoup ki pi piti yo, tankou reyinyon pou predikasyon, pa dwe kòmanse apre lè nan objektif pou tann moun ki kapab rive anreta.
Byen prepare. Yon mwayen pou nou byen kwonometre se lè nou prepare davans. Kenbe byen nan lespri w objektif patisipasyon an. Idantifye pwen kle yo, epi fè yo byen parèt. Evite pou detay ki pa nesesè pa fè w ekate w de sijè a. Fè prezantasyon an yon fason ki senp. Si patisipasyon an gen demonstrasyon oswa entèvyou, repete yo davans. Otan ou kapab, kwonometre tan patisipasyon w lan pandan w ap repete l avivwa.
Divize sijè w ap prezante a. Kit se yon diskou kit se yon konvèsasyon avèk oditwa a, li ta bon pou w divize sijè a an plizyè pati. Deside konbyen tan w ap pase nan chak pati, epi make l nan maj nòt ou a. Apre sa, fè kèk koudèy sou lè a pandan w ap fè patisipasyon an. Nan konvèsasyon avèk oditwa a, evite pyèj bay fè twòp kòmantè nan entwodiksyon an, sa ki ka fè w rabache pati ki pi enpòtan w ap gen pou w devlope yo. Kondiktè etid Toudegad yo dwe kite ase tan pou kesyon revizyon ki nan kare a nan fen etid la. Yo dwe pran prekosyon tou pou yo pa pran nan tan ki pou kantik ak priyè a.
Fini alè. Si gen plizyè patisipasyon nan yon reyinyon, tankou nan reyinyon sèvis la, chak oratè dwe konnen ki lè patisipasyon pa l la dwe kòmanse e ki lè li dwe fini. Ki sa ki ka fèt si reyinyon an sanble ap depase lè a ? Youn oswa plizyè oratè kapab ajiste tan an lè yo konsantre yo sou pwen ki pi enpòtan yo epi elimine kèk detay. Lè yon moun kapab fè sa, se yon siy ki montre li se yon bon anseyan.
Nou menm ki nan oditwa a, nou kapab ede frè k ap fè patisipasyon an lè nou fè kòmantè ki kout e ki presi. Donk, nou tout, nou kapab kontribye pou reyinyon an fèt “ yon fason ki konvnab e nan lòd. ” — 1 Kor. 14:40.