BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 51 p. 263-p. 264 par. 4
  • Respekte tan yo ba w la e byen separe tan an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Respekte tan yo ba w la e byen separe tan an
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w prepare patisipasyon yo ba w fè nan lekòl la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Bay diskou a san se pa li w ap li nòt ou yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 51 p. 263-p. 264 par. 4

LESON 51

Respekte tan yo ba w la e byen separe tan an

Ki sa pou w fè?

Fè diskou w la nan tan yo ba w la, e pran yon kantite tan ki apwopriye pou w devlope chak pati nan diskou a.

Poukisa sa enpòtan?

Li nesesè pou w pran ase tan pou w devlope chak pwen prensipal nan yon diskou w ap fè. Li enpòtan pou reyinyon an fini a lè.

BYENKE premye bagay ki enpòtan se veye pou w byen anseye moun yo, ou bezwen veye tou sou tan yo bay pou diskou w la. Reyinyon nou yo gen yon lè pou yo kòmanse e yo gen yon lè pou yo fini. Pou sa rive fèt, sa mande kowoperasyon chak moun ki gen yon patisipasyon nan pwogram nan.

Nan epòk yo t ap ekri Bib la, moun yo te gen yon pwennvi sou lavi ki diferan ak fason moun yo wè bagay yo anpil kote jodi a. Lè yo t ap pale de lè, yo te konn itilize yon seri ekspresyon tankou “vè twazyèm èdtan” oswa “vè nevyèm èdtan”. (Mat. 20:3-6; Jan 1:39). Moun yo pa t twò enkyete yo pou yo ta gen yon lè presi pou yo fè aktivite yo chak jou. Nan kèk pati nan monn nan jodi a, yo konsidere kesyon tan an menm jan an.

Men, menmsi koutim ki gen nan zòn nou an oswa preferans pa nou ka fè nou pa twò strik sou kesyon tan an, l ap bon pou nou si nou aprann bay kesyon sa a tout enpòtans li. Lè yo bay kèk moun fè patisipasyon nan pwogram reyinyon an, yo chak dwe veye pou yo respekte tan yo ba yo pou patisipasyon yo a. Prensip ki mande “pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd” la se yon prensip nou ka aplike nan kesyon respekte tan yo bay pou chak patisipasyon nan reyinyon yo. — 1 Kor. 14:40.

Fason pou w rive respekte tan yo ba w la. Preparasyon se kle a. An jeneral, oratè ki gen difikilte pou yo respekte tan yo ba yo a se oratè ki pa prepare ase. Yo ka gen twòp konfyans nan tèt yo. Oswa yo ka tann se lè moman an prèske rive yo kouri al prepare patisipasyon an. Pou w ka respekte tan yo ba w la, ou bezwen bay patisipasyon w lan anpil valè e ou bezwen dispoze byen prepare l.

Èske patisipasyon w gen pou w fè a se yon lekti? Toudabò, revize leson 4 a 7, ki konsène pale yon fason ki swa, fè poz ki apwopriye, mete aksan kote nou dwe mete l e mete aksan sou ide prensipal yo. Ansuit, aplike konsèy yo bay yo ofiramezi w ap li pati yo ba w pou w li a awotvwa. Kontwole konbyen tan ou pran. Èske w dwe li pi vit pou w ka fini nan tan yo ba w la? Lè w ap li pati ki gen mwens enpòtans yo, li pi vit, men toujou fè poz, e lè w vle mete aksan sou ide ki enpòtan yo, li pi dousman. Fè repetisyon plizyè fwa. Tank w ap pale yon fason ki pi swa, l ap pi fasil pou w kontwole tan an.

Lè w ap bay diskou, èske w ap bezwen gen tout enfòmasyon yo ekri devan w? Pou w sèten w ap respekte tan an, li pa nesesè pou nòt ou yo trè detaye, pou yo ta prèske tankou yon diskou maniskri. Lè w t ap fè leson 25 lan, ou te aprann yon bon fason pou w fè diskou. Kenbe senk pwen ki vin apre yo nan lespri w: 1) Prepare bonjan enstriksyon, men pa prepare twòp enstriksyon. 2) Chèche gen ide prensipal yo byen klè nan lespri w, men pa chèche sonje fraz yo pakè. 3) Make sou plan diskou w la kantite tan w prevwa pase nan chak pati oswa kantite tan ki dwe gentan pase lè w rive nan yon seri pwen. 4) Lè w ap prepare, gade pou w wè ki detay ou ka elimine si w wè ou anvi depase tan an. 5) Repete diskou a.

Repetisyon enpòtan. Pandan w ap repete diskou a, veye sou tan w ap pase nan chak pati ladan l. Repete l plizyè fwa jiskaske w respekte tan yo ba w pou w fè l la. Pa chèche mete twòp enfòmasyon ladan l. Piske lè w ap bay diskou a devan moun k ap koute w yo, sa ka pran yon ti tan anplis parapò ak lè w t ap repete l la, li bon pou w kite yon ti tan pou sa.

Byen separe tan an. Pou w respekte tan w ap fè nan yon diskou, sa mande pou w vrèman byen separe tan an, pou w pase yon kantite tan ki apwopriye nan chak pati ki ladan l. Ou dwe pase pifò tan an nan devlopman diskou a. Se ladan l pwen prensipal yo ye. Entwodiksyon an pa dwe twò long, li dwe rive sèlman nan yon longè k ap pèmèt ou atenn twa objektif ki nan leson 38 la. Devlopman an pa ta dwe tèlman long pou w pa jwenn ase tan pou w fè yon bon konklizyon, jan leson 39 la montre sa.

Lè w fè efò pou w respekte tan w gen pou diskou a, w ap fè yon pi bon diskou, w ap montre w gen respè pou lòt moun ki gen patisipasyon nan pwogram nan e w ap montre w gen respè pou tout kongregasyon an.

FASON POU W FÈ SA

  • Byen prepare, e fè sa lontan alavans.

  • Pran yon kantite tan ki apwopriye pou w devlope chak pati nan diskou a, epi respekte tan sa yo.

  • Repete diskou a.

EGZÈSIS: Planifye w pou w rive nan reyinyon kongregasyon an 15 a 20 minit anvan lè y ap kòmanse a. Pou w fè sa, egzamine konbyen tan ou menm ak fanmi w bezwen pou nou prepare nou. Kontwole tan nou bezwen pou nou ale a tou. Reflechi sou fason pou w jere pwoblèm ou ka jwenn ki ka fè w anreta. Eseye suiv planifikasyon sa a plizyè fwa toutpandan w ap fè ajisteman ou wè ki nesesè. Se menm prensip sa yo pou w suiv lè w ap fè diskou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje