BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/09 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 6/09 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye jen

“Anpil moun kwè relijyon yo se chemen diferan ki mennen bò kote Bondye. Ki sa w panse ou menm? [Kite moun nan reponn.] Remake sa Labib di sou sa. [Li Jozye 24:15.] Atik sa a bay bonjan rezon pou nou egzamine relijyon nou ye a pou nou konnen si l ap mennen nou bò kote vrè Dye a.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 12 la.

Réveillez-vous! Jen

“Nou tout gen moun nou te konnen ki mouri. Èske nou dwe pè paske nou panse genyen ladan yo ki ka fache kont nou e konsa yo ka vle fè nou bagay ki mal? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Eklezyas 9:5, 6.] W ap jwenn anpil rekonfò nan atik sa a.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 22 a.

Toudegad Jiyè-septanm

“Anpil moun ki gen yon bib twouve li difisil pou yo konprann sa k ladan l. Èske w panse sa tou? [Kite moun nan reponn.] Vèsè nou pral li la a montre Otè Bib la vle pou nou konprann Pawòl li e li vle pou nou tire pwofi ladan l. [Li Sòm 119:130.] Peryodik sa a bay twa sijesyon k ap ede nou konprann Bib la.”

Réveillez-vous! Jiyè

“Jodi a, gen anpil moun ki soufri depresyon. Èske w panse Bondye enterese ak moun ki gen jan de pwoblèm sa yo? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 34:18.] Peryodik sa a esplike fason Bondye ka ede moun ki deprime yo, menmsi sitiyasyon yo ye a egzije pou yo resevwa swen medikal. Anplis de sa, li bay sijesyon sou sa nou ka di moun sa yo pou nou rekonfòte yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje