BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/10 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 6/10 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye jen

“Gen anpil moun ki konsilte owoskòp yo anvan yo pran desizyon. Daprè ou menm, èske etwal yo ka enfliyanse lavi nou? [Kite moun nan reponn.] Li enteresan pou nou remake sa, Bib la pale de konstelasyon zodyak yo. [Li 2 Wa 23:5.] Atik sa a bay pwennvi Bib la sou sijè sa a.” Atire atansyon moun nan sou atik ki kòmanse nan paj 18 la.

Réveillez-vous! Jen

“Byen souvan, Legliz yo fè moun peye pou batèm, maryaj ak antèman. Èske w panse li bon pou yo fè sa? [Kite moun nan reponn.] Gade ki enstriksyon Jezi te bay disip li yo. [Li Matye 10:7, 8b.] Atik sa a montre sa Bib la di sou zafè fè moun peye pou yo ka jwenn sèvis nan legliz yo.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 22 a.

La Tour de Garde 1ye jiyè

“Anpil moun annik di Bondye lè y ap pale de Toupisan an. Men, èske w konnen Bib la di nou non Bondye? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Izayi 42:8a.] Peryodik sa a esplike poukisa yo retire non Bondye nan kèk tradiksyon Labib e li fè nou konnen sa sa vle di konnen non Bondye.”

Réveillez-vous! Jiyè

“Jan ekonomi mondyal la ye kounye a, li fè moun ap viv ak anpil enkyetid. Moun ki pèdi travay yo ap viv ak strès e moun k ap travay yo pè pou yo pa pèdi travay yo. Èske w panse bon konsèy sa a nou jwenn nan Bib la ka ede nou fè fas ak sitiyasyon difisil sa yo? [Li Matye 6:34. Apre sa, kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay kèk konsèy pratik sou sa nou ka fè pou nou jere ti kòb nou genyen e pou nou kontwole emosyon nou.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje