Fason pou nou itilize fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43)
Lè nou rankontre yon moun ki enterese men ki pa abite nan tèritwa kongregasyon nou oubyen ki pale yon lang etranje, nou dwe ranpli fòmilè sa a: Veuillez suivre l’intérêt (S-43). Oparavan, nou te konn sèvi ak fòmilè a pou moun ki te pale yon lang etranje, kit li te enterese kit li pa t enterese. Kounye a, n ap sèvi ak fòmilè a sèlman si moun ki pale lòt lang nan montre li enterese nan Bib la. Sèl ka kote n ap ranpli fòmilè S-43 a kit moun nan enterese kit li pa enterese se si nou rankontre yon moun ki soud.
Ki sa pou nou fè ak fòmilè a apre nou fin ranpli l? Nou dwe remèt li bay sekretè kongregasyon nou an. Si sekretè a konnen nan ki kongregasyon li dwe voye fòmilè a, li ka annik voye l bay ansyen ki nan kongregasyon sa a, konsa, ansyen sa yo ka fè aranjman pou yon pwoklamatè al vizite moun ki enterese a. Si sekretè a pa konnen nan ki kongregasyon pou l voye fòmilè a, l ap voye l nan filyal la.
Si moun ki enterese a pale yon lang etranje e li abite nan tèritwa kongregasyon pa nou, nou ka kontinye vizite moun nan pou n kiltive enterè li demontre a jiskaske yo voye yon pwoklamatè ki nan kongregasyon ki pale lang li pale a vin vizite l. — Gade Ministè Wayòm novanm 2009, paj 4.