BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/14 p. 7
  • Vizite yo san pèdi tan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vizite yo san pèdi tan
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sit wèb ofisyèl nou an: Yo fè l pou l itil ni nou menm ni lòt moun
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Tanpri, vizite yo prese prese
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Fason pou nou itilize fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43)
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 6/14 p. 7

Vizite yo san pèdi tan

Depi lè n te fè yon ti pase men nan sit wèb nou an, kantite moun k ap mande etid sou Entènèt yo ap ogmante anpil. Vin gen plis moun ki mande etid tou akoz nouvo metòd nou genyen pou nou bay temwayaj an piblik la. Biwo filyal la fè tout sa l kapab pou gen moun k al fè etid ak moun sa yo san pèdi tan. Pa egzanp, si yon moun mande etid sou sit jw.org la, biwo filyal la ap voye enfòmasyon sa a bay ansyen nan kongregasyon ki responsab tèritwa kote moun sa a abite a, e souvan ansyen yo resevwa enfòmasyon sa a de jou apre. Sepandan, selon enfòmasyon biwo filyal la resevwa, konn gen moun ki mande yon etid Labib ki konn tann plizyè semèn anvan yon pwoklamatè kontakte yo. Ki sa n ka fè pou n asire n yo jwenn èd yo bezwen an anvan yo vin pa enterese ankò? — Mak 4:14, 15.

Si gen yon moun ki pap viv nan tèritwa w la ki montre li enterese, pa pran tan pou w ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) a e ou dwe remèt li bay sekretè a pou pita pwochèn fwa w ap gen reyinyon. Sekretè a dwe voye enfòmasyon sa a bay kongregasyon ki responsab tèritwa kote moun sa a ap viv la oswa li dwe voye l bay filyal la, nan youn oswa de jou. L ap fè sa lè l al sou sit jw.org la, e l ap klike sou CONGRÉGATION. Ansyen yo dwe toujou al sou sit la. Si ansyen yo resevwa enfòmasyon ki fè konnen gen yon moun ki enterese k ap viv sou tèritwa kongregasyon yo a, yo dwe voye yon pwoklamatè al vizite moun sa a san pèdi tan. Kèlkeswa pwoklamatè yo ta mande pou al fè vizit la, li pa dwe pran tan pou l al fè vizit sa a. Si l pa jwenn moun nan lakay li, li ka kite yon ti nòt ki gen enfòmasyon k ap pèmèt moun nan kontakte l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje