BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/11 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Vizite yo san pèdi tan
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Tanpri, vizite yo prese prese
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Ki sa yo fè nan biwo filyal la?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 11/11 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Ki moun ki gen dwa ranpli koupon ki nan piblikasyon nou yo pou l voye mande liv oubyen bwochi epi kiyès ki ka sèvi ak sit Entènèt òganizasyon an pou l fè yon demann?

Gen kèk nan piblikasyon nou yo ki gen yon koupon moun ka ranpli e yo ka voye l bay filyal la pou yo mande piblikasyon oubyen pou yo mande filyal la voye yon Temwen Jewova vin vizite yo. Mete sou sa, sou sit Entènèt www.watchtower.org la moun ka mande pou yo voye yon Temwen vin etidye Labib avèk yo. Grasa dispozisyon sa yo, gen anpil moun ki aprann laverite. Sepandan, lè se yon pwoklamatè ki sèvi ak zouti sa yo pou l fè aranjman pou yon fanmi l oubyen pou yon lòt moun resevwa yon èd espirityèl, sa konn bay pwoblèm.

Gen kèk moun ki resevwa piblikasyon san yo pa t mande biwo filyal la pou l voye piblikasyon ba yo, e moun sa yo konn ap plenyen, yo konn di òganizasyon an deranje yo e yo konn menm panse òganizasyon an gen yon lis non moun pou l poste piblikasyon voye ba yo. Pwoklamatè yo konn twouve yo nan yon sitiyasyon anbarasan lè frè yo ba yo yon nòt pou y al vizite yon moun epi moun nan pa t janm mande yon bagay konsa. Lè sa rive, moun nan konn byen move sou yo. Se sa k fè, se moun ki enterese a li menm ki dwe sèvi ak sit òganizasyon an oubyen ak koupon yo pou l fè pwòp demann li, se pa yon pwoklamatè ki dwe fè demann nan pou li. Lè se yon pwoklamatè ki fè yon demann konsa pou yon moun, depi filyal la rive idantifye sa, an jeneral, li jis inyore demann nan.

Si se konsa, ki sa w ka fè pou yon fanmi w oubyen yon moun ou konnen jwenn èd nan domèn espirityèl? Si w ta renmen pou yon moun jwenn piblikasyon nou yo, poukisa ou menm ou pa voye yo ba li kòm kado? Si moun nan di li enterese oubyen si l ta renmen yon Temwen vin vizite l, men ou pa konnen kòman pou w kontakte ansyen ki nan kongregasyon ki nan zòn kote li rete a, se pou w ranpli yon fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43), apre sa, bay sekretè kongregasyon w lan fòmilè a, l ap verifye l epi l ap voye l bay filyal la. Sepandan, si moun ki enterese a nan prizon, si l nan yon sant kote yo reyabilite moun ki konn pran dwòg oubyen moun ki konn bwè, si l entène lopital paske l gen pwoblèm mantal, ou pa dwe pran kontak ak filyal la pou li. Olye de sa, ou ka ankouraje l pou l pran kontak ak frè ki vin vizite lokal kote l ye a oubyen ou ka mande l pou l ekri filyal la pèsonèlman.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje