BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/15 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Atansyon danje yo nan sèvi ak Entènèt !
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Vizite yo san pèdi tan
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 7/15 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Èske yon pwoklamatè dwe plede sèvi ak Entènèt pou l ka bay etranje k ap viv nan lòt peyi temwayaj oubyen pou l ka fè etid ak yo?

Gen kèk pwoklamatè ki sèvi ak Entènèt pou yo jwenn etid biblik nan peyi kote yo mete restriksyon sou travay predikasyon an oubyen nan peyi ki pa gen anpil pwoklamatè. Nan kèk ka, yo jwenn bon rezilta. Men, gen danje lè yon pwoklamatè ap patisipe nan konvèsasyon sou imel oubyen l ap tchat ak moun li pa konnen. (Gade Ministè Wayòm jiyè 2007, p. 3.) Byenke objektif frè sa a oubyen sè sa a se rive bay moun ki gen bon kè yo mesaj Wayòm nan, jan de konvèsasyon sa yo ka mete yo an kontak ak move frekantasyon e aposta yo ladan l tou (1 Kor. 1:19-25; Kol. 2:8). Anplis de sa, nan peyi kote travay predikasyon an anba restriksyon oubyen li anba entèdiksyon, otorite nan peyi sa yo ka gade kourye moun yo ap voye ak sa y ap resevwa. Jan de kominikasyon sa yo ka mete frè ak sè k ap viv nan peyi sa yo nan pwoblèm. Se poutèt sa, pwoklamatè yo pa bezwen ale sou Entènèt pou y al chèche moun nan lòt peyi pou yo pataje bon nouvèl la ak yo.

Si n bay yon etranje k ap vizite peyi nou temwayaj enfòmèl, nou pa dwe eseye kiltive enterè li demontre apre li fin tounen nan peyi l, sof si filyal ki nan peyi pa nou an ban nou yon lòt direksyon. Olye de sa, nou ka montre l jan pou l sèvi ak sit Entènèt jw.org la pou l jwenn plis enfòmasyon oubyen nou ka montre l jan pou l kontakte filyal ki nan peyi kote li rete a. Anplis de sa, nou ka ankouraje l ale nan Sal Wayòm ki toupre lakay li. Natirèlman, se pa tout peyi ki gen Sal Wayòm. Si moun nan ta renmen resevwa vizit Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay li, nou dwe ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) a, e nou dwe bay sekretè a fòmilè a, l ap sèvi ak sit Entènèt jw.org la pou l voye enfòmasyon sa yo bay filyal ki sipèvize travay predikasyon an nan peyi kote moun ki enterese a ap viv la. Filyal la abitye ak sitiyasyon sa yo e li nan pi bon pozisyon pou l ede moun nan espirityèlman. — Gade Ministè Wayòm jen 2014, paj 7, ak Ministè Wayòm novanm 2011, paj 2.

Si yon moun nou konn vizite deplase al nan yon lòt peyi oubyen si n ap etidye ak yon moun kounye a k ap viv nan yon lòt peyi e se sou Entènèt sèlman nou konnen moun nan, nou dwe suiv enstriksyon yo bay pi wo a. Sepandan, nou ka kontinye kiltive enterè li genyen jiskaske pwoklamatè ki nan zòn li ye a kontakte l. Men, si l ap viv nan yon peyi kote travay predikasyon an anba restriksyon oubyen li anba entèdiksyon, nou dwe pran gwo prekosyon lè n ap pale sou sijè biblik nan lèt, nan telefòn oubyen nan kourye elektwonik. — Mat. 10:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje