BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/03 p. 4
  • Tanpri, vizite yo prese prese

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Tanpri, vizite yo prese prese
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Vizite yo san pèdi tan
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Onzyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Ede yo resevwa yon lòt temwayaj
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 12/03 p. 4

Tanpri, vizite yo prese prese

Ki moun pou yo vizite prese prese a ? Moun ki mande piblikasyon, moun ki mande pou yo pote peryodik pou yo regilyèman oswa moun ki ta renmen Temwen Jewova vin vizite yo lakay yo. Ki kote demann sa yo soti ? Li soti bò kote moun ki ekri biwo filyal la dirèkteman oswa ki rele nan telefòn oubyen moun ki itilize sit Entènèt òganizasyon an. Lè moun yo manifeste enterè konsa, biwo filyal la sèvi ak fòmilè S-70 la pou l enfòme kongregasyon lokal la. Fòmilè sa a se yon ti fèy papye ki gen antèt sa a : “ Veuillez faire en sorte qu’un proclamateur expérimenté rende visite à cette personne ”. Lè ansyen yo resevwa fòmilè S-70 la, yo dwe bay yon pwoklamatè fòmilè sa a imedyatman e, avèk dilijans, pwoklamatè a pral ede moun ki manifeste enterè a. Si pwoklamatè a gen difikilte pou l rankontre moun nan lakay li, li ka eseye kontakte l nan telefòn oubyen li ka kite yon ti nòt pou li, men l ap fè sa avèk anpil pridans. Si yo mande pou w fè jan de nouvèl vizit sa yo, souple, fè tout sa w kapab pou rankontre moun ki manifeste enterè a prese prese.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje