Yo fè peryodik yo pou atire tout kalite moun
1. Ki jan esklav fidèl ki prevwayan an imite apot Pòl?
1 Apot Pòl te adapte fason li te prezante bon nouvèl la pou l te ka touche “tout kalite moun”. (1 Kor. 9:22, 23.) Menm jan an tou, esklav fidèl ki prevwayan an sèvi ak peryodik yo pou yo touche tout kalite moun e pou yo touche moun ki gen divès kwayans. Pou nou ka byen sèvi ak Toudegad ak Réveillez-vous!, l ap bon pou nou sonje pou kiyès yo ekri peryodik sa yo.
2. Peryodik Réveillez-vous! a, pou ki moun yo fè l?
2 Réveillez-vous!: Yo fè peryodik sa a pou menm kalite moun ak moun apot Pòl te rele “moun Atèn” yo lè l t ap pale avèk yo (Tra. 17:22). Moun sa yo pa t kretyen, e yo te prèske pa t konn anyen sou Ekriti yo. Menm jan an tou, yo fè Réveillez-vous! pou moun ki prèske pa konn anyen nan Bib la. Petèt yo ka pa konn anyen sou ansèyman Jezi yo, yo gendwa pa fè relijyon konfyans, oubyen yo ka pa konnen Bib la ka itil yo nan lavi yo. Rezon prensipal ki fè yo ekri Réveillez-vous! se pou konvenk lektè yo vrè Dye a egziste. Anplis de sa, yo fè peryodik sa a pou ede lektè yo vin gen lafwa nan Labib epi pou ede yo konprann Temwen Jewova yo diferan ak lòt relijyon yo.
3. Pou kiyès yo ekri Toudegad piblik la, e pou kiyès yo ekri Toudegad ki gen atik etid la?
3 Toudegad: Yo fè Toudegad piblik la pou moun ki plizoumwen gen respè pou Bondye e pou Ekriti yo. Moun sa yo konn kèk bagay nan Bib la, men yo pa byen konprann ansèyman ki ladan l yo. Yo sanble ak moun Pòl te di ki “gen krentif pou Bondye” yo (Tra. 13:14-16). Yo ekri Toudegad ki gen atik etid la prensipalman pou Temwen Jewova yo. Pòl te gen rezon pou l panse moun ki te li lèt li yo te abitye ak Ekriti yo e yo te gen yon konesans egzak sou laverite (1 Kor. 1:1, 2). Se konsa sa ye pou atik ki nan Toudegad ki gen atik etid yo. Yo ekri atik sa yo pou moun ki asiste reyinyon yo e ki abitye ak ekspresyon Temwen yo itilize ak fason yo wè bagay yo.
4. Poukisa nou ta dwe chèche byen konnen chak peryodik nou pral prezante nan tèritwa a?
4 Byenke an jeneral nou ofri Toudegad ak Réveillez-vous! ansanm, se toujou sou yon sèl peryodik nou pale lè n ap prezante yo. Donk, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou byen konnen sa k nan chak peryodik. Konsa, n ap prezante peryodik nou wè k ap plis enterese moun nou rankontre yo.